Rakousi

Rakousi

Share

10/11/2024

Se pa jodi lòm ap chache konprann rezon egzistans li sou tè sa a. Se kòmsi m ta di w, kout-ke-kout, nou te oblije gen youn. Depi mond lan mond n ap mete, remete tèt nou an kesyon. E nan pa vle aksepte n se loray kale, nou menm kreye kreyatè nou.

Lòm pa vle echwe. Se sa k fè n konsakre prèske tout vi nou nan chache sans li yon fason pou n byen defini priyorite n. Nou chak konprann lavi fason pa nou, sa ki akouche yon latriye kouran panse. Èske viv se soufrans ? Èske l se kè kontan ? Oubyen se toulè de (2) alafwa ?

Kisa viv vle di toutbon ?

Se tèm nou pou emisyon jodi 11 oktòb la kote Filisner DIEUJUSTE () ap louvri mikwo l bay pou vin echanje avèk li sou pawòl li di nan yon mizik li ki rele PA STRESEM.

Rete konekte ak (facebook.com/rakousishow) epi (facebook.com/banjmedia) pou w pa rate emisyon sila a.

10/03/2024

Yo di lavi se pi bon pwofesè k ta ka genyen. E se vre, li p ap janm bouke aprann ou. Depi w ap viv, fòk ou tonbe, si w gen ase kouraj w ap leve e si w ase entèlijan ou p ap fouti tonbe pou menm rezon an ankò.

Viv se fè erè. Pi vit ou konprann sa se plis l ap bon pou ou. Se sa anpil moun pa konprann ki fè anpil fwa yo pa rive mete yon pye devan lòt pou depase pase yo epi mete tèt yo nan nivo yo te toujou reve a.

Kòman pase n ka antrave pwogrè nou ?

Sè entèwogasyon sa a k ap nan mitan deba yo demen vandredi a nan Rakousi kote n ap gen plezi resevwa k ap vin echanje avèk nou sou pawòl li di nan yon mizik li ki rele KRIYE.

Rete konekte ak (facebook.com/rakousishow) epi (facebook.com/banjmedia) pou w pa rate emisyon sila a.

Want your establishment to be the top-listed Arts & Entertainment in Indianapolis?
Click here to claim your Sponsored Listing.

Address


Indianapolis, IN
46208

Opening Hours

4pm - 5pm