Dethz_official

Dethz_official

Share

12/14/2025

⭕️ENFO | Aksyon sa pase, dimanch 14 desanm 2025 lan, sou plaj Bondi, zòn Sydney, Ostrali.🇦🇺 Se 2 endividi ki abiye toude nwa, avèk gwo zam manch long, ki tire sou yon foul moun ki tap selebre « Hanoukka », yon fèt kominote jwif la tap òganize nan espas la. Pou pi piti, 11 moun mouri, 29 lòt blese pami yo 2 polisye. Se pratikman yon masak ki fèt sou plaj sa a, ki se youn nan plaj ki pi popilè, e pi anblematik nan peyi a. Youn nan endividi ki fè atak la mouri nan echanj katouch ak Lapolis ki te rive sou plas, e lòt la blese grav. Premye minis Ostralyen an Anthony Albanese kalifye sak pase a de « zak teyoris antisemit ». Daprè sa medya entènasyonal yo rapòte, se atak ak zam ki fè plis viktim nan peyi Ostrali, depi prèske 30 lane | CNN, AP

Want your business to be the top-listed Media Company in Hurst?
Click here to claim your Sponsored Listing.

Telephone

Address


795 E Pecan Street
Hurst, TX
76053