Info Plus
02/17/2026
⭕️ ENFÒMASYON OFISYÈL
Daprè sa plizyè medya entènasyonal, pami yo The New York Times, rapòte, Department of Homeland Security (DHS) deja voye plizyè santèn sitasyon (subpoena) bay konpayi teknolojik yo.
📌 Objektif demann sa yo:
DHS mande pou konpayi yo bay enfòmasyon tankou:
• Non itilizatè yo
• Adrès imèl (email)
• Nimewo telefòn
• Lòt done ki kapab pèmèt idantifikasyon kont yo vize yo
Demach sa a fèt nan kad ankèt federal k ap mennen, daprè sa sous medya yo endike.
12/03/2025
📰 GWO NOUVÈL IMIGRASYON 🇺🇸
Administrasyon Trump lan bay USCIS lòd pou re-entèvyou tout refijye ki te antre Ozetazini ant 20 janvye 2021 ak 20 fevriye 2025. Pandan pwosesis sa a ap fèt, tout green card pou gwoup sa a mete sou poz.
📌 Dapre yon nòt entèn USCIS, yo di verifikasyon sou administrasyon Biden lan te twò rapid, e kounye a yo vle revize sekirite tout dosye yo.
⚠️ Sa sa vle di:
• Plis pase 233,000 moun ka afekte
• Dosye ka pran gwo reta
• Fanmi yo ak patwon yo pral nan ensètitid
• Ajans refijye ak sèvis sosyal yo ka frape tou
📍 Apre yon fiziyad nan Washington DC ki te blese 2 manm Gad Nasyonal, deba sou sekirite imigrasyon vin pi cho toujou. Ofisyèl yo di mezi a pa pran pou yon sèl ka, men pou ranfòse verifikasyon yo.
👉 Nou pral kontinye kenbe nou enfòme.
Click here to claim your Sponsored Listing.
Category
Telephone
Website
Address
Gateway Boulevard
Boynton Beach, FL
33435