Plume509

Plume509

Share

04/25/2026

Nou kòmanse jwenn jèn gason kap bay levanjil la Wi. Paske Neg Isi fe pep la tounen zombi E pep la nan mizè nan grangou yap soufri ap maladi yo gen chwa yo asepte tout sa pastè a di.
Monche Mw salye lespri Bondye nan lavi jèn gason sa.

🛑«Ou pi pòv, ou pi pwosede, manti, bagay yo rele 40 jou jèn sa, 40 jou jèn selon bib la li pat pou tout moun fè, 40 jou jèn nan, dayè ou paka fè anyen lakay BONDYE siw pa gen yon revelasyon de li paske tout sa ki soti lakay BONDYE gen yon revelasyon ki dèyèl, tout revelasyon gen yon manifestasyon, tout revelasyon gen yon mistè, e tout ministè gen anpil espri ki mache dèyè yo, 40 jou jèn se pou lidè a li te toujou ye

Map gade yon pakèt ministè yo tèlman pran 40 jou jèn, 21 jou jèn sa pou jwèt, 40 jou jèn se yon tradisyon yo fèl vin tounen yon pwogram, menmjan chak ane gen kanaval channmas se konsa yap tann chak ane pou yo fè kanaval anndan legliz paske 40 jou jèn tounen yon kanaval

Se lè sa kretyen yo pare yo pou yal sote ponpe: ane sa se pou mw anyen paka blokem, ouvè banm pase, manti, ane sa se pou mw anyen paka blokem ouvè ouvè banm pase, bòw pase kibò, ou pi malad, ou pi pòv, ou ou pwosede»(...)

Deklarasyon Apot Yves-Marie Bien-aimé. Kisaw panse de deklarasyon sila?

Li gen rezon? Ou byen komprann sal di a?

Èske 40 jèn tounen pwogram kanaval vre janl fè komprann li an selon ou menm?

Jeff Petit Info-divers

04/25/2026

ÈSKE SI NOU PA PEZE TETE BEBE A L'AP SANTI FÒ LÈ LI VIN GRAN?

Se yon bagay nou tande souvan, ou dwe peze tete bebe a lè li fèt pou li ka pa santi fò. Premyeman tete ti bebe ki fenk fèt yo ap toujou gen dlo paske yo soti nan yon anviwonman ki te gen dlo anplis de sa sou efè prolaktin ki se yon òmòn ki sekrete pandan gwosès ak pandan alètman, tibebe ki fenk fèt la ka genyen tete li yo ki anfle. Yo konn pafwa awondi, yo ka di alantou pwent tete a, yon ti kras anfle, ak pwodwi likid.

Likid sa pa gen anyen pou li wè ak santi fò, prèv la oumenm osinon nenpòt moun ou konnen yo te peze tete li lè li te piti, fè li soti san benyen, pa kite li mete deodoran epi fè li fè yon bagay kap fè li swe, gade pouw wè sa k'ap rive.

Nòmalman depiw ap antre nan pibète gen chanjman k'ap fèt nan ou e pa gen anyen ki ka evite sa.

KISA KI LAKOZ MOVÈZ ODÈ SA?

Se swe, li sekrete pa glann sidoripa yo e natirèlman swe pa gen odè. Tandiske gen glann ekrin yo ki konpoze ak dlo epi sèl. Glann apokrin yo yo menm pwodwi yon swe tankou lèt, ki yo menm, lè yo an kontak ak bakteri mikwoskopik ki sou po a, mennen a pwodiksyon molekil ki bay odè yo (acides gras courts, tankou kaprilik, kaprik oswa asid valeryanik) epi vin kreye sant patikilye sa a.

Se pa direkteman swe a osinon ti dlo ki nan tete a ki lakoz "movèz odè", men se kontak ak bakteri ki prezan sou sifas po a ki konsome swe a epi pwodwi konpozan chimik ki responsab odè a. Se pou sa ke gen kèk moun ki "santi pi fò" pase yon lòt!

POUKISA YON BEBE OSINON YON TIMOUN PA SANTI FÒ?

Yo pa santi fò osinon siw ta remake sa konnen ou sipoze mennen timoun sa wè doktè si li poko rive nan pibète, sa nou rele "fòme" a

Nou pa dwe bliye tou prezans plim ki pral komanse pouse, espesyalman anba bra yo, ka plis koze move sant lan. Plim yo gen tandans kenbe sekresyon ak ofri yon anviwònman pwopis pou bakteri yo miltipliye. Se poutèt sa li rekòmande pou raze anba bra ou regilyèman si sa enterese ou.

KISAW DWE FÈ?

Menm jan ak nenpòt enflamasyon, sinyale pedyat lan de sa. Answit, pa manyen li, paske plis ou manipile ak peze tete yo, se plis yo riske anfle oswa vin bay likid. Se sèlman yon pedyat ki ka dyagnostike yon enfeksyon posib ak preskri yon tretman adekwa.

Aprann timoun yo kijan pou yo respekte prensip ijyèn yo: pou yo benyen plizyè fwa nan jounen an epi pase dezodoran.

Pouw pata santi fò sof si ou pata janm swe nan viw osinon ou respekte prensip ijyèn yo. Sa konn rive pou yon rezon ou yon lòt gen moun dezodoran pa vreman fè gran choz pou yo men yo menm se yon pwoblèm medikal yo genyen ki pa gen okenn rapò ak peze tete pandan yo te piti.

Pédiactu

04/24/2026

🇨🇩 : Le président Félix Tshisekedi a initié une consultation sur une possible révision de la Constitution en République démocratique du Congo.

Face à l’opposition et à l’Église catholique, le projet a été rapidement suspendu, sur fond de débat autour de la limitation des mandats.

➡️+ d’infos sur scoop-afrique.com

Want your business to be the top-listed Media Company in Boston?
Click here to claim your Sponsored Listing.

Telephone

Website

Address


444Harrison Avenue
Boston, MA
02118