Ti Granmoun

Ti Granmoun

Share

04/19/2026

Konbyen nap banm sou 10 🇭🇹🇭🇹🇭🇹

09/07/2025

Kisa Ki Yon Ti chodyé 3 pye
Nou wé Ti chodyé 3 pye ya fet en fer, epi fer senbolize
Komba, eprev, Travay, maladi malédiksyon, lanmò, Selon sa la
bib di senbòl fer se pousyè
Nou we chodye a kanpe Sou 3 pye, e chak pye sa yo se yon pilye nan lavi nou e li reprezante pase, prezan, fiti, timoun, jenn, gran
moun.
Ou Byen si nap ba yo nom
Astral yo, nap Di Erzulie Freda,
Erzulie Dantor et
Grann Erzulie.

Anndan chodye a nou mete Iwil Ki senbolize matye, nou mete Yon mech Ki senbolize linyon, e nou mete du feu Ki senbolize lespri.
Sa VeDi nou fe koneksyon
matyè a aklespri ya, Anndan
chodyè a toujou nou mete Yon Ivej, Ki fé ekilib
ant matyè a epi lespri a
Kounye a lot engredyan nou pral met ladan yo pral depan de rityel nap fê ya, tankou pwav, piman ect...

Poukisa Mw fépos sa ?
Anpil nan nou panse Depi yo limen Yon Ti cho dye tout
pwoblem yo rezoud. Non, prensip la c être sois même Fok ou Konn tet ou, pouw al chita Sou tabourè sa, Sou pilye
laviya. Premyeman, 3 pye
chodyé a ,fokyo menm longè, fok nou Byen verifye ke Youn Pa pi long ke lot.
Dezyeman, fok etat d esprit epi, fok ou Konn Sou Ki branch nan prensip la vie a ou prale fè rityèl lan

Fok nou Konnen sa nap fê a, se Pa annik kouri fè sa Nou wè yon lot Moun ap fê san Nou Pa konnen, ki danje kigenyen lè yon moun fin itilize gon ti chodyè 3 pye. mistik la mande anpil sajès avèk anpil disiplin Yon Moun Ka finn limen yon Ti chodyè 3 pye saw tande a lavil komanse boulvese. lè sa Nou pwal Di se lva, se mò Ki kenbe nou. dèfiva se yon bagay ou al fê san ou pa metrizel, se nou Ki pwal peye konsekàs lan..•

01/02/2025
Want your public figure to be the top-listed Public Figure in Boston?
Click here to claim your Sponsored Listing.

Category

Website

Address


Boston, MA