Sovereign Travels Initiative

Sovereign Travels Initiative

Share

FYÈTE KATYE'W 10/18/2024

Bonjou/swa³ e biyenvini sou *FK* konpatriyòt!

Men kèk kondisyon ou sipoze konnen de *FK* pou evite vye ak move derapaj sou gwoup-l'an:

Depi moun nan lage yon bagay ki pa gen pyès/okenn rapò pou ni fè ak ni wè ak *FK* li deja sou move pant...

_...(espesyalman si li gen rapò ak pòno, moun sa-a tou met tèt li deyò)..._

Si yon moun ap pede lage enfòmasyon pwomosyonèl pwöp pa'l ki pa nan liy dyalòg, deba, ak diskisyon *FK* ak sijè li yo - pa gen avètisman, w'ap deja deyò sou gwoup-l'an....epi moun pa lage lenk/lyen ki pa byen defini - fò'k li konekte ak kozri *FK* yo, ki se:

* Resansman
* Asenisman
* Ibanizasyon katye
* Reyabilizasyon iben/èn
* Manajman teritwa
* Resiklaj/Upsiklaj/Resikl'Art

Nou swete depi w'sou *FK* tout moun dwe angaje sou gwoup-l'an.

L'entèdi pou w'la san w'pa janm patisipe - se "sakalakawèl" li ye tonton/tantín.

_(Respekte tèt-ou - Si w'la kont volonte'w, jis an'nik sòti - san bri, san kont)!_

Tanpri gwoup-l'an pa yon *ONG* e ni li pa *Ministè Afè Sosyal*... Kidonk, okenn moun pa dwe vin ap "MANDE" sou li souple.

* Si gen pwopozisyon pwojè, fò'k se sou gwoup-l'an pou nou etale ak etabli de li...

Se sa ki fè li enpòtan anpil pou nou mete komite gwoup-l'an sou pye prese-prese!

Aprè 2 plent ak avètisman kont moun k'ap prive moun pou fè mandyansite, koupab zak/enfraksyon sila sa-a ap tou met tèt li deyò sou gwoup-l'an, pwen bá._

Senpman koze *FK* sèlman... Moun pa vin fè piblisite pou kozman pwòp pa yo sou gwoup-l'an!!!

Gwoup-l'an fonde pou moun pale kont fatra ki se yon fleo k'ap wonje sosyete-an....nou tout konn sa k'ap pase nan peyi d'Ayiti; kidonk li pa vo la'pèn pou n'ap vin pale politik tipik, konvansyonèl, ak abityèl de sa k'ap fè aktyalite yo deja - fokis nou se yon lit kont fatra nan milye dirèk kote n'ap viv-l'an ki se katye nou yo!

Konnen byen *FK* pa gen pou li pote responsabilite pou anyen de okenn moun ki deside ak chwazi fonksyone ansanm antre yo deyò gwoup-l'an ak yonn ak lòt/ouswa lòt moun.

M'felisie-n pou konpreansyon'n, bat bwavo pou nou...

Deja anpil mèsi anpil d'avans!

*FYÈTE KATYE'W - FK.*
_"Jere'l Se Jere Ayiti!"_
*Resp:*. Jal. Rosenberg, Wilgëens.
+(509) 3.687-4058
+1(617) 279-5842
*Administrasyon Gwoup-l'an.*

!

FYÈTE KATYE'W WhatsApp Group Invite

Want your business to be the top-listed Travel Agency in Atlanta?
Click here to claim your Sponsored Listing.

Category

Telephone

Website

Address


Atlanta, GA

Opening Hours

Monday 8am - 8pm
Tuesday 10am - 10pm
Wednesday 8am - 8pm
Thursday 10am - 10pm
Friday 8am - 8pm
Sunday 10am - 10pm