Pran Li La
Tit Kadinal nan Legliz Katolik la
Tit Kadinal nan Legliz Katolik la se yon tit onorifik. Nan tan lontan, yo te ka bay tit sa a bay yon dyak, yon pè, oswa yon evèk. Avèk tan, yo rezève li prèske sèlman pou evèk, men Pape a ka toujou, nan kèk ka espesyal, nonmen yon dyak oswa yon pè kòm kadinal.
Li enpòtan pou konnen ke pami sèt sakreman Legliz la, genyen sakreman lòd la, ki gen twa nivo :
Dyak,
Pè,
Evèk.
Tit Kadinal pa yon sakreman ni yon degre sakreman lòd la. Se yon tit nan legliz la ki bay moun ki resevwa li kèk responsablite espesyal, espesyalman dwa pou li patisipe nan eleksyon yon nouvo Pape.
Gen twa kategori Kadinal :
Kadinal-Evèk : li atache ak youn nan dyosèz ki toupre Wòm yo.
Kadinal-Pè : anjeneral li se evèk yon dyosèz nan mond lan, men li lye ak yon pawas nan Wòm. Tankou kadinal nou an ki sa eminans Chibly Langlois, li se yon kadinal-Pe kote li responsab dyosez Okay lan epi li lye ak yon pawas a Wom.
Kadinal-Dyak : souvan li se responsab yon dikasè (yon sèvis administratif) nan Kiri Wòm nan, epi li lye ak yon dyakoni nan Wòm.
Konsa, menm si tout yo rele "Kadinal," chak gen wòl pa yo selon lòd yo soti ak misyon yo resevwa. Men yo tout se evek.
21/11/2017
Pran Li La ouvrira sous peu ses portes afin que vous pourrez Pran Li La sans coût excessif👍
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Téléphone
Site Web
Adresse
Avenue Martin Luther King
Ville De Port-au-Prince
509