Kreyòl Tech
14/08/2019
APPLE AK HUAWEI; Kiyès ki Pi Bon telefòn? Poukisa Apple pèdi 3ème plas li kòm pi gro vandè telefòn mondyal?
Èske konpayi CHINWA yo HUAWEI, XIAOMI, OPPO ap rive met fen nan rèy Apple la ?
Repons ak tout kesyon sa yo se sou KreyòlTECH !
👇👇👇👇👇
Huawei ak Iphone kiyès ki pi bon telefòn ? poukisa iphone pèdi 3em plas Sou mache mondyal telefoni? TECH Se yon gwoup Jèn endepandan ki ap itilize entènèt pou Edike epi patisipe nan Devlopman sosyo-ekonomik e teknolojik peyi Ayiti , nou Prezan sou R...
30/07/2019
Ou se yon komedyen, atis, Ou gen yon Paj Facebook ki gen anpil moun kap swiv li, ou gen anpil aktivite sou li ?
Èske w konnen ou ka fè kòb sou Facebook gras ak Video wap poste yo???
Nan video sa, KREYÒLTECH ap montrew Kòman ou kapab fè kòb ak paj Facebook ou , tout Eksplikasyon yo an kreyòl, trè senp e fasil.
Tag yon Zanmi w, Di l nou vinn edel fè kòb.
👇👇💸💸💸😊
Kòman pouw monetize Paj Facebook ou pouw ka fè lajan #Facebook #fè_lajan Ou se yon komedyen, atis, Ou gen yon Paj Facebook ki gen anpil moun kap swiv li, ou gen anpil aktivite sou li ? Èske w konnen ou ka fè kòb sou Facebook gras ...
24/07/2019
OU SE YON ATIS, OU KONN FÈ BIT, PWODWI MZIZIK, OU TA RENMEN KONNEN KIJAN OU KA FÈ LAJAN AK MIZIK OU?
Rete konekte ak Kreyòl Tech 💸😊
Tag Yon zanmiw !
18/07/2019
Dènye Jou sa yo, nou ka remake anpil moun ap itilize yon aplikasyon swa pou rann vizaj yo parèt tankou granmoun oubyen Mete bab, moustach, sousi ak divès lòt posiblite aplikasyon sa bay.
Kisa aplikasyon sa ye ? Kotel soti ? Ki ris ki genyen lè yon moun enstale li sou telefòn ? Èske gen posiblite pou vòlè Done pèsonèl ou ?
FACE APP se yon aplikasyon ki disponib sou platfòm IOS epi ANDROID, Se yon aplikasyon gratis ki espesyalize li nan kreye filtè pou modifye vizaj. Se yon konpayi nan peyi la-wisi " Wireless labs" Ki kreye aplikasyon sa depi janvye 2017. nan mwa avril 2017 konpayi a ta pral enplike nan yon eskandal kote anpil moun ta pral trete konpayi a de rasis pa rapò ak yon filtè yo te kreye ak vann done pèsonèl.
Pa rapò ak pase konpayi sa,
" Wireless lab "anpil moun gen gwo dout sou kondisyon itilizasyon aplikasyon an nan sa ki gen awè ak vòlè done epi aksè ak foto, video ki sou galeri telefòn nan san konsantman mèt telefòn nan.
" Aplikasyon an voye sèlman foto ou seleksyone a sou sèvè a epi edite li, aplikasyon an pa gen anyen awè ak rès foto ki sou galeri telefòn nan tout otan ou pa seleksyone yo" se Deklarasyon yon gran Pirat, chèche Franse ki rele ELLIOT Anderson.
Li menm rive montre Tout pwosesis yo sou Kont Twitter li.
👉https://twitter.com/fs0c131y
Yon lòt bò, konpayi a voye jete tout akizasyon ki ta fè kwè li nan vòlè Done pèsonèl itilizatè yo, konpayi a fè konnen foto sa yo efase sou sèvè a 2 Jou aprè (48H) , li fè konnen aplikasyon an pa chèche fè pyès idantifikasyon pèsonèl e done yo pa ni pataje, ni vann ak yon konpayi oubyen yon moun kèlkonk.
"tout foto ki sou galeri telefòn nan tap transfere sou sèvè nou an, otomatikman itilizatè a ta bay aksè ak aplikasyon an, men nou pa fèl konsa. Nou transfere sèlman foto itilizatè a seleksyone a epi pwosede a edifikasyon foto a" Deklarasyon Konpayi a nan yon Kominike li mete deyò.
Se pa premye fwa nap fè fas ak jan de aplikasyon sa yo, an 2016 ARTISTO ki se yon aplikasyon ki espesyalize li nan kreye filtè menm jan ak FACE APP te bat yon rekò mondyal kote li te atenn plizyè milyon Telechajman nan mwens ke 1 mwa, e 3 mwa aprè aplikasyon sa ta pral pèdi chèlbè li.
Èske FACEAPP ap pase menm jan ak ARTISTO? An atandan al (J'aime page) Facebook la pou plis enfòmasyon. 👉 https://web.facebook.com/kreyoltech.
😊🇭🇹
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Saint-Marc
HT4310
Heures d'ouverture
| Lundi | 00:00 - 23:59 |
| Mardi | 00:00 - 23:59 |
| Mercredi | 00:00 - 23:59 |
| Jeudi | 00:00 - 23:59 |
| Vendredi | 00:00 - 23:59 |
| Samedi | 00:00 - 23:59 |
| Dimanche | 00:00 - 23:59 |