Gabby Mortimer

Gabby Mortimer

Partager

07/04/2026

M'panse ke sa mande anpil kouraj pou yon moun viv okotidyen. Sa mande anpil efò pou dakò rete tann yon lòt vennkatrè. E m'pap minimize moun ki pa kapab yo ki prefere swiside yo, paske swisid la mande anpil kouraj tou.

Mwen menm? M'pa gen ase kouraj sa, e se chakfwa apre vennkatrè, m'toujou ap mande kòman m'fè vivan toujou. Kòman m'fè rive leve e pou'm dakò batay ak lavi a pandan m'pa gen anyen pou'm pèdi e ke tèt mwen pa vo lapenn pou m'ap batay toujou.

Twoma mwen yo anpil, blesi mwen yo anpil. Moral mwen pa pi fò ke sa e mwen trè vilnerab. Vilnerabilite'm vin rann mwen siseptib e mefyan tou. Oh wi, m'trè mefyan. M'ap flannen ak ensekirite'm nan pòch mwen paske m'pè fè moun konfyans.

M'te panse ke kaze'm ak entwovèti mwen an t'ap ede'm jwenn lapè nan lespri'm. M'te panse ke elwaye'm, aksepte bloke kèk moun e retire'm definitivman nan vi yo t'ap ede'm. Men se lè sa touman mwen pwolonje. Kounya w'ap mande kijan m'fè kanpe toujou e ap lanse pwojè chak jou?

M'kanpe paske m'aksepte viv pou moun. Mwen di tèt mwen ke si mwen ede moun pou yo pa komèt menm erè avèk mwen, petèt ma soulaje konsyans mwen. Mwen toujou pare pou ede, pou rann sèvis, pou pote konsèy mwen e pafwa mande pou moun, paske mwen estime si yon moun byen, sa ap rekonfòte kè mwen ki deja an myèt moso

Gabby Mortimer fans

Vous voulez que votre personnage public soit Personnage Public la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Type

Téléphone

Adresse


59, Damien
Port-au-Prince