Kopivit L'action Sociale, RISO Haïti
25/09/2025
✨Nouvo “Diksyonè KLAS” la! ✨
Lang Kreyòl se poto mitan idantite nou kòm pèp. Se avèk li nou reve, se avèk li nou pale, se avèk li nou viv chak jou. Kounye a, li jwenn yon zouti solid pou kontinye grandi ki se Diksyonè KLAS!
✅ Plis pase 22,000 antre ak 25,000 definisyon.
✅ Chak mo gen pwononsyasyon , klas gramatikal ak egzanp reyèl li.
✅ Genyen ekspresyon oral, ideyofòn, menm mo modèn yo tou.
✅ Yon travay kolektif lengwis, pedagòg ak pwofesyonèl anba direksyon Gérard Marie Tardieu ak ekip KLAS la.
Premye edisyon an pibliye an jen 2025 Chak 28 oktòb a pati 2026, n ap jwenn yon nouvo edisyon pou kenbe diksyonè a vivan epi ajou.
Se plis pase yon liv: se yon zouti pou ansèyman, pou rechèch, pou literati, epi pou chak moun ki vle pale, ekri, ak viv an kreyòl avèk fyète.
Kreyòl se pa sèlman lang lakay, se lang konesans, se lang devlopman. Avèk Diksyonè KLAS, nou gen yon baz solid pou kontinye leve flanbo kiltirèl nou.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Téléphone
Site Web
Adresse
102 Lafleur Ducheine
Port-au-Prince
HT1661