Motivation 509

Motivation 509

Partager

05/06/2025

🌞 Konsèy Jounen an – 5 Jen 2025 🌄

“Pa kite pè w pèdi fè w rate chans ou genyen pou w grandi.”

Chak fwa w ap panse pou w pa eseye paske ou pè echèk, sonje ke menm echèk la ka vin tounen pi gwo leson ki pote siksè ou. Jodi a, fè yon aksyon ou te pè fè avan — kit se rele yon kliyan, lanse yon videyo, oswa pataje yon mesaj sou rezo sosyal ou. Ou pa bezwen fè l pafè, ou jis bezwen kòmanse.

🎯 Egzèsis: Ekri 1 bagay ou te toujou pe fè, epi jodi a fè premye pa pou w eseye l — menm si se yon ti pa.

| | |

04/06/2025

04/06/2025

Motivation 509 se yon mouvman pou leve moral pèp Ayisyen. Nou pataje pawòl fò, istwa enspire, konsèy lavi, biznis, relasyon, ak devlopman pèsonèl pou ede w leve chak jou ak fòs, espwa, ak vizyon.

Nou kwè chak Ayisyen ka fè plis, malgre difikilte yo. Objektif nou se:
• Ede w rete motive chak maten
• Bati konfyans nan tèt ou
• Pouse w fè aksyon pou chanje lavi w
• Bay zouti pou siksè pèsonèl ak finansye
• Ankouraje inite, fyète nasyonal, ak lespwa pou demen

Slogan nou se:509 pa selman yon kòd…c yon mouvman!

Vous voulez que votre personnage public soit Personnage Public la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Type

Téléphone

Site Web

Adresse


Port-au-Prince
08817-5244