Mathu-info

Mathu-info

Partager

30/05/2026

Mathu info
Haïti / Politique

Òganizasyon Gran Lakou pou Pwogrè ak Devlopman (OGLAPD) te resevwa yon vizit sipriz nan men Paul Antoine Bien-Aimé pandan n ap prepare selebrasyon Fèt Manman 31 me 2026. Se avèk anpil kè kontan ak respè nou te akeyi vizit sa a.
Minis la se yon responsab ki chwazi mete pye l atè pou li wè reyalite kominote yo, evalye kondisyon zòn yo, epi suiv kijan aktivite devlopman yo ap fèt nan plizyè lokalite atravè peyi a.

Nou menm nan Gran Lakou, nou kontinye batay pou konstwi yon lòt Ayiti ki pi solid, kote devlopman ak pwogrè rive jwenn tout moun. Nou salye angajman Minis Paul Antoine Bien-Aimé nan efò l ap fè pou amelyore lavi sitwayen yo epi rann kolektivite teritoryal yo pi efikas ak pi pwòch bezwen popilasyon an.
Nou kwè yon lòt Ayiti posib, gras ak inite, tèt ansanm, konsyans sitwayèn ak angajman chak moun.

Òganizasyon Lakou pou Pwogrè ak Devlopman (OGLAPD) ap rete fidèl ak misyon li pou kontribye nan transfòmasyon sosyal, devlopman kominotè ak pwogrè dirab pou peyi a

Mathu info aimer cette page pour vous informez en temps réel..

Vous voulez que votre entreprise soit Entreprise De Médias la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Adresse


Port-au-Prince