Cefpah

Cefpah

Partager

10/05/2026

Se t an 2019 Mwen t chita ak Youseline Geffrard Mt proposal sa, Nou t rankontre nn MC nou pat menm trop zanmi menm
Nou diskite anpil poun t rive dakò sou non sa ki dwe yon patrimwàn.
Epi Nou lanse CEFPAH tout ekip la se t Moun ni ki vin Moun Mwen,
Nan site doudoune Marassa ki t prèske yon dezyèm lkay Pou Mwen si peyi a tap dirije.
Nou tonbe, Nou leve, men CEFPAH (Centre d'épanouissement et de formation des pépinières pour l'avenir d'Haïti) ap fè chimenl
Reyini 55 timoun mete prè de 30 fanmi en confiance se Konsa Nou t reyisi premye aktivite Nou .
Mt gn Sèlman 21 lane
Trop ane pase, trop enèji deyò, Trop sakrifis fèt, trop Konfyans MPako janm regrèt desizyon sa.
Pou mwen se Youn nn bèl akonplismanm se Youn nn misyonm.

Nou pap fèl pou fè wè nap fèl paske gen yon koz nap defann

Sarendia Lebon kòdonatris CEFPAH

08/05/2026

Mwen kontan pataje Avèk Nou premye seyans timoun yo nan crochet a 🧶
Sa maprann Avèk yo
Lè w bay timoun yo konfyans, yo ka depase sa ou te imajine.

Madam crochet a: mpap k vini jodía msoti mpap gntan rantre
Mwen: pa gn possibilité menm
Madam: nn, di timoun yo sa poum lòt samedi
Mwen: ebyen map kite vini si pa gn possibilité à ma di yo sa
Timoun yo: kot madame crochet a
Mwen: li pap k vini
Timoun yo: kisa nap Fè
Mwen : Sarafina
Sarafina : WI Madam
Mwen : ou gn yon notion nn crochet deja ou pral montre timoun yo Kòman pou kenbe aiguille la epi pwen de Base yo

Nan CEFPAH, nou pa kanpe sou pwoblèm… nou aji.
Sarafina, youn nan timoun yo ki te deja gen kèk baz, leve kanpe:
Li pran responsabilite pou montre lòt yo kijan pou kenbe aiguille li epi fè pwen de baz yo.

Kote timoun yo mete tèt yo ansanm, yo aprann youn ak lòt, yo kolabore, yo grandi ansanm.

Nan CEFPAH, nou pa sèlman aprann yon metye, nou ede yo devlope:
-Lidèchip
-Konfyans nan tèt yo
-Lespri ekip ak antrèd

Chak timoun gen kapasite
yo jis bezwen yon espas pou ekzèse l.

Lavni an se kounye a.

25/03/2026

Nan legliz, lekòl, ak nan fanmi an, nou dwe aprann timoun yo yon verite enpòtan:
Règ pa yon wont. Se yon bagay natirèl nan lavi yon tifi.
Tifi yo pa dwe santi yo mal alèz ni kache tèt yo lè yo gen règ. Yo gen dwa mande èd, sipò, ak konpreyansyon san okenn wont.
Menm jan an tou, tigason yo dwe aprann respekte sa. Si yon tifi sal rad li, se pa pou yo pase l nan betiz, ni izole l. Okontrè, se pou yo montre matirite, respè, ak solidarite.
Se konsa nou bati yon jenerasyon ki gen valè:
Ki konprann youn lòt
Ki sipòte youn lòt
Ki viv ak diyite
Ann fè edikasyon sa a vin nòmal, pou timoun yo grandi ak respè ak konsyans.

Photos from Cefpah's post 08/02/2026

Nou poze aksyon poun patisipe nan chanjman
Nou pa la pou Nou tann chanjman

Vous voulez que votre entreprise soit Arts & Divertissement la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse


Port-au-Prince