LGP Production
19/05/2026
🇭🇹✨ SITE SOLÈY, YON LOT VIZAJ POU NOU DEKOUVRI ✨🇭🇹
Nan okazyon fèt Drapo a, pandan mwen t ap pran yon beny lanmè sou waf Site Solèy la, mwen te pran kèk bèl imaj ki montre yon lòt reyalite anpil moun pa konn wè. 🌊📸
Twòp fwa, lè yo pale de Site Solèy, se move nouvèl ak move zak sèlman ki pran plas nan medya ak nan lari a. Men dèyè tout sa, gen yon kominote ki gen lavi, talan, bèl peyizaj, richès natirèl ak anpil moun vanyan k ap viv chak jou ak espwa. ❤️💙
Lanmè a bèl, atmosfè a espesyal, epi moman sa yo fè nou sonje Ayiti toujou gen anpil bote pou montre mond lan. 🇭🇹
Jodi a, atravè objektif kamera mwen, mwen vle pataje yon lòt imaj Site Solèy: yon kote ki gen limyè, kilti, lavi ak richès kache. 📷✨
📍Disponib pou moun ki vle sipòte travay la oubyen achte bèl imaj sa yo.
03/05/2026
Yè premye me a, Lycée National de Cité Soleil te anime ak Foire PAPDEH, yon bèl inisyativ ki mete pwodiksyon lokal an avan
Aktivite sa a fèt anba tèm:
👉 “Ann ankouraje pwodiksyon lokal pou diminye enpòtasyon”
yon mesaj ki montre nesesite pou nou bay pwodwi lakay nou plis valè.
🎤 Atmosfè a chaje ak lavi:
1-Jèn ak granmoun ap dekouvri pwodwi lokal yo
2-Antreprenè ap prezante kreyasyon yo
3-Vizitè yo ap achte epi sipòte ekonomi lokal la
Foire PAPDEH se plis pase yon senp mache, se yon mouvman pou leve tèt pwodiksyon ayisyèn.
ann reviv kelke imaj Koman sa te ye.
Cp: Lnay photography
Pwoblèm fatra kontinye ap tounen yon gwo tèt chaje nan plizyè zòn nan komin Site Solèy, tankou TiAyiti, Bwanèf, Pwojè Dwouya ak lòt katye yo.
Dapre sa jounalis Janvier Sadrack te soulve pandan emisyon an, sitiyasyon an pa sèlman menase anviwònman an, men li mete lavi moun yo an danje tou. Fatra k ap akimile yo favorize maladi, salte, epi degrade kondisyon lavi popilasyon an chak jou pi plis.
❗️Kesyon an rete poze: Eske otorite yo ap pran mezi nesesè pou jere kriz sa a? Oswa èske se popilasyon an ki pou kont li ap kontinye sibi konsekans yo?
🧠 Ann reflechi ansanm: Pwòpte se pa sèlman responsabilite Leta, men se devwa chak sitwayen tou.
09/04/2026
🛑PUB
🎨 FORMATION SPÉCIALE EN SÉRIGRAPHIE MODERNE
Ou vle aprann yon metye ki ka fè w kreye epi touche lajan? Men opòtinite pa w la!
📌 Vin patisipe nan yon formation 100% pratik kote w ap aprann :
• Impression sou maillot
• Impression sou képi
• Impression sou tasse (simple & magic)
• Impression sou tumbler
• Impression sou verre
• Transfert DTF / Sublimation
• Tableau PVC
• Tableau transparan lumineux
• Préparation conception
🗓 Date : 25 & 26 Avril 2026
⏰ Heure : 9H AM – 4H PM
📍 Lieu : Lycée National de Cité Soleil
💰 Inscription : 500 Gdes
💰 Participation : 1500 Gdes
🎁 Chak patisipan ap benefisye yon Tableau PVC
📄 Documents + Certificat inclus
📞 Infos & Réservation :
(509) 4151-5750 / 3558-6525 / 4057-2313
⚡ Pa rate chans sa a pou aprann, kreye epi kòmanse pwòp biznis ou!
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Site Web
Adresse
Port-au-Prince
06300