Web 3.0 HT
17/01/2023
⚠️VIZA DOMINIKEN ⚠️
Bonjou, Bonswa.
N ap raple ak tout moun espesyal *Visa Dominicain* ke *KJ Travel Agency* te lanse sa gen kèk mwa, toujou ap fè chimen li 🙌. Sèvis la toujou *disponib* pi rapid💨pou yon ti kras lajan 💰.
Moun ki bezwen, pa neglije rantre an kontak ☎️avèk nou depi Jodi a menm nan you n nan *nimewo* nou yo.
*KJ TRAVEL AGENCY* se kote w ap jwenn pi bon sèvis nan sa ki gen pou wè ak *VWAYAJ🛩* ou.
Alò, 🗣kisa w ap tann!? 🗣Dim kisa w ap tann pou kontakte nou...
NB : Paspò + 2 bout foto + Lajan
Dat *LIVREZON* paspò ak tout viza w ladann se Dezyèm Semèn Mwa *FEVRIYE*.
📞☎️ 36202015/34675723
✍🏾 KJ GROUP
11/11/2022
Kisa yon kòd postal ye?🤔
Poukisa lè y ap voye yon bagay soti a letranje pou mwen yo toujou mande m kòd postal kote mwen ye an? 🤔
Ebyen Ann suiv avèk mwen, Pandan w ap envite Zanmiw ak fanmii de ouvri paj sa plis.
Premye kote Nan monde l'an yo ta pral Itilize koze kòd postal la se te an République Socialiste Soviétique Ukraine Nan lane 1932. Kòd sa te Genyen 2 gwoup chif ki te separe pa yon lèt ke yo Rele lèt Sirilik. Aprèsa ou ta pral jwenn lòt peyi tankou: Almay, Wayòm ini, Etazini, Swis elatriye.
Nan ka sa nou kapab di ke : Kòd postal la se yon ansanm de chif melanje ak lèt tou kote ke antrepriz postal yo Itilize pou pèmmèt livrezon koli yo fèt pi rapid e osi pou senplifye adrès moun k ap resevwa koli aaa👌.
Fòm Li varye suivan peyi aa men konsa tou Li reprezante swa you n ou byen plizyè zòn jewografik andedan komin yo.
Konsa tou Genyen de kòd ki rezève espesyalman avèk de antrepriz ki konn resevwa anpil anpil kourye (koli).
An nou pran yon egzanp pa bò lakay nou : Petyonvil
Petyonvil se yon komin Nan depatman lwès la ki gen kòm awondisman pòtoprens e ki gen yon sipèfisi plis pase 165 km kare.
Kòd postal komin petyonvil yo se :
HT6140
HT6141 : Frères
HT6142 : Pèlerin
HT6143: Tête-de-l'eau
HT6144: Laboule
HT6145: Thomassin
HT6146: Fermat
HT6147: Pernier
Toujou suiv Web3.0 🙌🙌🙌
07/06/2022
🚨"Elon Musk ap lakòz panik nan kriptosfè a "🚨
Enkyetid Musk pataje pa ekonomis yo
Anvan lèt la ki pale de vye previzyon li pou ekonomi an, Elon Musk te deja voye yon lòt bay anplwaye yo nan konpayi "teletravay" pou mande yo retounen.
Premye kominikasyon sa a te deja yon ilistrasyon de laperèz CEO Tesla à konsènan konsekans yo nan yon efondreman ekonomik nan lavni sou aktivite yo nan konstriksyon otomobil yo. Kèk jou anvan dezyèm lèt la, Jamie Dimon, PDG JPMorgan Chase, te di ke ekonomi ameriken an t ap fè fas ak gwo pwoblèm ki t ap mennen l nan yon nouvo kriz.
Lòt ekonomis te pataje enkyetid Musk tou, yo te predi ke Etazini pral antre nan yon resesyon akòz ogmantasyon pri manje ak gazolin. "Èske yo pral kapab aji osi agresif jan sa nesesè? Li evidan Elon Musk pa panse yo ka fè sa san yo pa plonje ekonomi an nan yon gwo resesyon ," te di Fiona Cincotta, ansyen analis mache finansye nan City Index London. Ekspè nan otomobil NordLB Frank Schwope te di ke li ta bon pou nou pran pawòl CEO Tesla a kòm yon avètisman .
Sous : Bitcoinist
✅✅Pa bliye yon like plis yon pataj ✅ ✅
02/06/2022
🚨"MoneyGram louvri platfòm transfè li ”🚨
Lidè mondyal nan transfè lajan entènasyonal la, MoneyGram fèk anonse dezi li pou antre nan tranzaksyon kriptomonè. Dapre premye manadjè li a, Alex Holmes, MoneyGram gen pou objektif pou sèvi kòm yon pon ant cryptocurrency ak fidisyè yo .
Yon patenarya ak blockchain Stellar la
MoneyGram entènasyonal, youn nan pi gwo sèvis transfè transfwontyè nan mond lan, ap fè patenarya ak Blockchain Stellar pou kreye yon platfòm transfè lajan ki baze sou stablecoin. Nouvo sèvis sa a pèmèt itilizatè ki gen yon bous Stellar voye USD Coin (USDC) bay ydè destinatè, ki ap kapab pran kòb sa sou fòm monè fidisyè atravè rezo MoneyGram.
Lojik la se voye stablecoins bay moun ki pral resevwa lajan sa sou fòm monè fidisyè. Sa a se wòl pon ant de mond ke MoneyGram vle jwe. PDG li a di aklè tou: " Nou eseye vin yon pon ant ekosistèm kriptografik lajan an ak mond fidisyè a.". Alex Holmes, CEO nan MoneyGram, pral klarifye nan menm entèvyou a ke MoneyGram nan yon chita pale ak konpayi tyès ki bay bous dijital ak Salvador . Sa yo se lòt bous Dijital ki pa gen anyen pou wè ak pa founisè Chivo yo ke nou konnen gouvènman an apiye , e ki te prezante lè peyi a te fè asepte bitcoin (BTC) kòm monè legal ane pase a. Atravè yon akò ak youn nan konpayi sa yo, MoneyGram ta ka ofri menm kalite sèvis pou transfè BTC tou.
Sous: Cointelegraph.com
✅✅Pa bliye yon grenn like + yon pataj 👌 ✅✅
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Site Web
Adresse
Petion Ville, Rue Sténio Vincent Prolongée
Port-au-Prince