Globarama
Channmas re klere ankò: renesans oswa Makiyaj politik?
08/12/2025
Yon nouvo kontenjan Kenya rantre an Ayiti.
Lendi 8 desanm 2025, Ayiti resevwa yon nouvo kontenjan 230 polisye sòti Kenya kòm yon pati nan ranfòsman misyon miltinasyonal sekirite a. Desant sa a fèt nan kad sipò ak devlopman kapasite Global Security Force (GSF), ki la pou ede reponn pi byen ak sitiyasyon ensekirite a kap ravaje plizyè zòn nan peyi a.
Chèf Polis Nasyonal la, Mesye André Jonas Vladimir Paraison, ansanm ak manm Wo Komandman PNH lan, te prezan nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture pou resevwa delegasyon an. Objektif prensipal kontenjan sa a se ogmante efikasite operasyonèl GSF la nan zòn kote gen gwo tansyon tankou Latibonit, Plato Santral ak kapital la.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter l'entreprise
Téléphone
Adresse
Port-au-Prince