EDIKE

EDIKE

Partager

02/10/2025

Antouka

|| Mwen te panse omwen avèk pwofesè nan tèt MENFP HAITI Officiel bagay yo t ap pran yon lòt direksyon. Malerezman, sa nou wè jodi a pa reponn ak espwa sa.

Nan tout peyi ki serye sou devlopman, premye mezi yo pran se mete pwofesè yo nan sant sistèm edikatif la: yo peye yo byen, yo ba yo kondisyon travay ki estab epi yo asire yo gen zouti pou yo anseye. Paske pa gen okenn sistèm edikatif ki ka mache si kò pwofesè a pa motive, byen peye ak byen ekipe.

Olye de sa, lakay nou, se magouy ki kontinye ap domine. Minis lan louvri lekòl (1/10/2025) tankou si edikasyon te rezime sèlman ak kantite timoun ki nan klas. Men li inyore reyalite pwofesè yo, ki souvan oblije pase plizyè mwa san yo pa touche. Men, kijan yon pwofesè ka fè travay li byen lè li gen pwoblèm manje ak lwaye?

Mwen menm, kòm pwofesè an Ajantin, mwen temwen dirèkman kijan yon sistèm ka trete edikatè yo ak respè. Chak mwa mwen resevwa salè m san reta. Epi menm nan mwa janvye ak fevriye, kote pa gen klas ditou, yo kontinye peye m. Paske konprann ke travay ansèyman pa limite sèlman ak lè w kanpe devan elèv: li mande preparasyon, rechèch, fòmasyon kontinyèl ak repo pou pwofesè yo retounen pi byen.

Pandan lòt peyi bay diyite ak sekirite nan pwofesyon sa a, lakay nou pwofesè yo ap lite pou yo menm jwenn sa ki pou viv. Vrè dram nan se lefèt ke Leta toujou ap abòde kesyon edikasyon sèlman nan fòm, san manyen rasin pwoblèm nan.

Si nou te vle vrèman edike pitit pèp la, premye bagay nou t ap fè se mete yon fon espesyal pou peye pwofesè yo atan, òganize fòmasyon kontinyèl pou mete yo ajou ak nouvo metòd pedagojik epi konsidere ansèyman kòm yon pwofesyon ki gen diyite, kote moun ka bati yon karyè serye ak respekte.

San mezi sa yo, nenpòt lòt refòm ap toujou rete yon ti kouvèti sou gwo pwoblèm nan. Paske yon peyi pa ka devlope si l pa ankadre pwofesè l ki la pou fòme nouvo dirijan yo.

Claudy Bastien ✍🏾

02/10/2025

Sa rann etidyan, elèv yo tèlman parese. Pwofesè yo tou abandone, yo pa kenbe rigè akademik ak syantifik yo.

Vous voulez que votre organisation soit Organisation à But Non Lucratif la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse


Port-au-Prince
1110

Heures d'ouverture

Lundi 08:00 - 05:00
Mardi 08:00 - 05:00
Mercredi 08:00 - 05:00
Jeudi 08:00 - 05:00
Vendredi 08:00 - 05:00
Samedi 08:00 - 12:00