Évolution
15/03/2022
Konsèy nou pote pou ou lè gen [( CONFLIT/Konfli)]
Konflit se yon guerre d’idée literal oubyen ki fè an aksyon , yon opozisyon de youn ou plizyè moun ki ka pote anpil emosyon tankou : peur , tristesse , rancune , dégoût,violence...
Men fòk nou diw tou , li normal pou toujou gen konfli paske tout moun pa gen menm edukasyon , tamperaman , chak moun wè bagay yo yon fason .
SE JANW PRAL JERE KONFLI A KI ENPÒTAN , nou gen plizyè egzanp de konfli
1) Lot ak Abraham (genèse 13)
2) OTAN vs OTSC (Russie , Chine , Venezuela Vs États Unis...)
2) Konfli relijyon (katolik , pwotestan,temwen,advantis..)
4) konfli tè
5) konfli pouvwa ( gouvernement et opposition)
NB : depi gen evolisyon fòk gen konfli , sak enpòtan , se kijan ou pral jere li .
DEPIW RESPEKTE METÒD SA YO , mgaratiw selon konfli ou ye a , nap arive jere li , e lap fini byen
1) Kiyes ki dwe pran lapawòl pandan moman an ?
gen moun ki pa gen langaj, olye amelyore lap agrave bagay yo)
2) Komanw dwe pale ?
Fè sa ak respè , ou pa pè moun nan , men pa vekse li tou
3) Konn kisa pouw di !
pa di plus , ale dwat sou pwoblem nan epi ak prekosyon
4) Pale pi bonè ke posib
siw fè tout san sot di yo , lèw pran lapawòl avan , li kalme moun, e evite dezas
5) Evite entèferans
siw pale , epi gen lòt moun kap pale , lap fè , youn pral vle kouvri , sa ka rive nan goumen
Nou espere tèks la te aprann ou , nap tann kòmantè ak sigjesyon yo .
27/02/2022
Post sa a pou tout moun ki ta renmen gen yon ide de système tégumentaire , sa vle di peau nou , kijan li fonksyone (elèv , etidyan , pèsonèl santé ,travayè , an jeneral tout moun ki ap itilize facebook
LA PEAU :
peau , se organe ki pi lourd pi gwo nan corps humain aprè foie . li okupe tout espas ki sou kò , e jwe yon wòl trè esansyèl nan kò humain an .
PEAU A GEN PLIZYÈ KOUCH :
Gen liv wap jwenn ki di se 2(épiderme, derme) , gen lot ouvrav kap diw se 3(épiderme, derme,hypoderme) . Chak kouch sa yo(basale,épineuse,granuleuse, couche claire,cornée) forme de youn oubyen plizyè cellule :
1- CELLULE KERATINOCYTE :
li nan épiderme nan ,li pwodwi kératine ki se yon protéine ki pwoteje peau a kont chaleur , mikwòb kap rantre ak pwodwi chimik
2- MELANOCYTES :
yo bay mélanine , ki responsab koulè peau a , e ki absobe reyon solèy(ultra violets)la ki pa fin bon pou peau a
3- CELLE DE LANGERHANS :
li se youn cellule ki asure système immunitaire peau a pa rapò ak monde extérieur la
4- cellule MERKEL
ki se yon récepteur sensoriels , se li ki an kontak ak yon neurone ki rele CORPUSCULE TACTILE NON CAPSULÉ , ki koz menm yon ti foumi pase sou ou pouw santil
FONCTION DE LA PEAU :
1_ THERMORÉGULATION ( lè li fè cho , trou nan kò nou yo louvri pou aéré , lè li fè frèt yo ferme)
2_ PROTECTION
Keratinocytes yo ki nan tout kouch kò a , sak anba yo lè yap monte yo perdu noyau yo , yo aplati , epi epi yo vin parèt tankou chapo pou evite dlo ak tout mikwòb rantre...
SYNTHÈSE DE LA VITAMINE d :
Vitamin D ki bon pou kò a , lèw wè yon moun konn rete le maten nan solèy kisak vin pase :
Reyon solèy la aktive yon précurseur nan po a , aprè foie ak reins an , gen yon enzyme ki pral modifye précurseur ki nan po a ki pral pwodwi vitamin D a
Gen anpil trouble cutané nou pral etale avèw , saw rankontre deja ,saw konn tande , e sa ou peut-être soufri deja , nou espere wap kontan , konprann epi pataje post la
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Site Web
Adresse
Route National #1
Port-au-Prince