ViVica
Josma ap bay surprise 🇭🇹❤️
13/11/2023
Èskew te konnen, se pa tout Gason ki konprann sa ki rele yon bon fanm tout bon nan lavi et kisa richès sa reprezante💎?.
🔸pa ale non, pretem⌚yon minit nan tan ou:
🔹Fanm se reyon solèy🌞douvanjou, pa gen kè💖 li pa reflète😇 et pa gen obskirite◼ li pa disparèt✅
🔸fanm se fòs, pa gen feblès li pa efase😇aprann bay richès sa valè li merite , paske li se definisyon lavi✊
🔹fanm se yon bonb lajwa😍pa gen teritwa tristès li pa bonbade😊, eh menm lè virus lanmou😍 fanm tonbe nan yon vi santimantal, li difisil pou epidemi😍 sa pote solisyon✅
🔸Fanm gen yon sajès mouton😍 nan lanmou li, men pa janm fè erè pouw reveye kolè lyon li genyen an, paske sa ka disparèt lanmou li pou ou pou tout letènite✅
🔹fanm se yon plant ki pote solisyon pou tout maladi😇, men se pa tout gason ki kapab itilize plant sa✅
🔸fanm se senbòl motivasyon, obstak pa ka fè li pè😇, lè li deside kwèm✊li prale jiskobou😍pou li jwenn sa li vle an✅
🔹Fanm se yon jaden, li gen plizyè fruit ki trè sansib😇, Gen fason ou parèt nan jaden sa😍kwèm wap anvi sèvi tèt ou kòm sèl esklav fruit sa yo😊et menm devni mèt jaden an✅
🔹Fanm se kilti lanmou😍, tradisyon tandrès li pa janm chanje😇, li se melodi lavi😇nòt afeksyon li pa janm pèdi plas✅
🔸Fanm se Fòs ki konble tout feblès😥, fanm se jwa😇ki pran plas tout dout😥avèk mefyans✅
🔹fanm se yon liv santimantal😍 ki chaje
Anpil chapit sansib, 😊entrodiksyon liv sa pa yon bagay mens😇chak paj ou rankontre toujou gen yon long meditasyon✅
🔸Fanm Se Dlo💦 afeksyon ki pase swaf tout soufrans nan lanmou😍, fanm se yon egzanp ki toujou kapte de jenerasyon an jenerasyon
Fanm se manman lavi
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter la personnalité publique
Téléphone
Site Web
Adresse
Rue Claire Heureuse
Mirebalais