Grand'Anse Zoom
14/07/2026
🇭🇹 Abigaïl Alexandre, yon lòt fyète pou Ayiti, kontinye fè drapo Ayisyen an flote byen wo sou sèn entènasyonal la! 👏
Abigail Alexandre fè konnen sou paj ofisyèl li ke li te gen onè sèvi kòm manm jiri nan demi-final Eloquentia nan peyi Lafrans, yon gwo konkou atizay pale an piblik ki fèt pou elèv segondè yo, jou jedi 9 jiyè a.
Li fè lwanj pou talan, kouraj ak kapasite jèn patisipan yo ki te defann lide yo avèk konviksyon, respè ak anpil entèlijans.
Nan mesaj li, Abigaïl Alexandre ankouraje pèp Ayisyen an pou kontinye kwè nan tèt yo, epi li lanse yon apèl espesyal bay tout paran yo pou pa janm kite timoun yo san lekòl, paske edikasyon se youn nan pi gwo kle pou prepare yon pi bon avni pou Ayiti.
Felisitasyon Abigail Alexandre! 🇭🇹📚 Ou kontinye montre mond lan valè, kapasite ak potansyèl fanm Ayisyèn yo. Ayiti fyè de ou. ❤️🇭🇹 Abòne pou plis…🙏🇭🇹
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Téléphone
Site Web
Adresse
Jeremie
HT7110