Dawel-Health

Dawel-Health

Partager

Professeur Luc Montagnier : Le virus covid19 est une manipulation humaine 18/04/2020

Professeur Luc Montagnier : Le virus covid19 est une manipulation humaine ce jour sur cnews le professeur luc Montagnier remet en question la thèse officielle sur la nature du COVID 19 qui serait non pas une erreur naturelle mais u...

Photos from Dawel-Health's post 07/12/2019

Koman nou ye?
Eske nou konn tande pale de ilsè nan estoma?
Jodi an mwen vinn pale nou de li
✔️✔️✔️Kisa li ye?
Avan 1989 yo te rele li Campylobacter Pylori aprè yo vinn rele li Helicobacter Pylori (H. Pylori).
Se Yon bakteri ki soti nan fanmi Helicobacteraceae, Basiy gram négatif, li gen yon fòm S e li se Sèl bakteri ki rive viv Yon kote ki asid.
Koman li manifeste?
H. Pylori pa Yon anvayisè men li fè nich li nan estoma an, sa vle di nan mikez gastrik la ( muqueuse gastrique), li pral lage oubyen libere Yon bann pwoteyin patojèn (pathogène) ki pral vinn bay lezyon selilè ( lésion cellulaire) avek inflamasyon. Nan ka sa li ka prezante kek siy klinik tankou "Ulcèreduodenal", "gastro-entérite" etc...
Daprè OMS infeksyon sa se Yon ajan kansewojèn (agent cancérogène) kategori I . Infeksyon sa ka dire tout vi mounn sa si li pa trete, ki pral vinn bay sa yo rele "Ulcere gastroduodenal".

✔️✔️✔️ Kijan mounn ka pran maladi sa?
Pa gen Yon fason prensipal mounn ka pran'l men li pwobab pou transmisyon an fèt pandan nou ti bebe tankou fekal-oral, oral-oral, konsa tou nou ka pral nan manje, dlo épi lè nap respire an.

✔️✔️✔️ Koman ou ka evite gen infeksyon sila?
➡️ Lave legim yo ak dlo ki byen trete
➡️toujou lave men'w lèw sot fè bzwen
➡️toujou mandé patnèw oubyen mennaj ou estati li paske ou ka pranl nan fè ti bizou mouye (ou jwenn bakteri sa nan dan mounn tou).

✔️✔️✔️ Si ou gen infeksyon sa ki prekosyon ou dwe pran?
➡️ pa manje manje ki gen anpil grèss ak piman.
➡️ Pa bwè kleren
➡️ pa manje gwo manje aprè 6h PM.

Pa bliye pataje paj lan pou lòt zanmi, fanmi ka jwenn ti info sa yo, konsa nap sove lavi anpil mounn.

Vous voulez que votre entreprise soit Société De Santé Et De Beauté la plus cotée à Hinche ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse


Hinche