Infonet
03/01/2026
🔴 Chòk Mondyal : Etazini lanse frap militè sou Venezyela, Prezidan Nicolas Maduro ta tonbe anba kontwòl Washington
INFONET | Entènasyonal
Yon evènman san parèy boulvèse sèn politik mondyal la. Samdi 3 janvye, Etazini mennen frap militè dirèk kont Venezyela, dapre deklarasyon prezidan ameriken Donald Trump sou rezo sosyal li, Truth Social. Dapre li, operasyon an te mennen nan arestasyon prezidan venezyelyen an, Nicolas Maduro, ansanm ak madanm li.
Otorite venezyelyèn yo denonse sa kòm yon “agresyon militè trè grav” epi anonse yon deplwaman masiv fòs lame yo atravè peyi a. Entèvansyon sa a rive apre plizyè mwa tansyon ak eskalad ant Washington ak Caracas, kote Etazini akize rejim Maduro a dèske li pwoteje rezo trafik dwòg entènasyonal.
💥 Eksplozyon vyolan souke Caracas nan mitan lannwit
Dapre temwayaj sou plas ak enfòmasyon AFP rapòte, eksplozyon pwisan te kòmanse souke kapital la, Caracas, anviwon 2 è nan maten (lè lokal). Frap yo te vize plizyè zòn estratejik, pami yo:
Sid ak lès vil la,
Fuerte Tiuna, pi gwo baz militè nan peyi a,
Ayewopò ak pò prensipal Caracas.
Plizyè temwen rapòte yo te wè elikoptè militè k ap vole ba sou vil la, pandan kouran elektrik te koupe nan plizyè katye, sa ki ogmante panik nan mitan popilasyon an.
🧑🏽✈️ Nicolas Maduro ta kaptire epi sòti nan peyi a
Nan yon mesaj pibliye a 10h20 (lè Lafrans), Donald Trump fè konnen ke fòs ameriken yo te kaptire prezidan Nicolas Maduro. Selon deklarasyon sa a, Maduro ak madanm li ta deja “ekstrè” soti Venezyela, san plis detay sou kote yo mennen yo ni kondisyon operasyon an.
Jiska prezan, pa gen konfimasyon endepandan sou sò prezidan venezyelyen an, pandan kominote entènasyonal la ap suiv sitiyasyon an ak anpil enkyetid.
📌 INFONET ap kontinye swiv devlopman sitiyasyon sa a, ki kapab gen konsekans jeyopolitik majè pou Amerik Latin nan ak pou mond lan an jeneral.
Abonnez et partager 👍🏽
́internationale
11/11/2025
🌍 COP30 Brasil Amazônia 2025
Konferans mondyal COP30 ap fèt soti 10 pou rive 21 novanm 2025, nan vil Belém, nan kè rejyon Amazoni Brezil la. Se premye fwa nan listwa konferans sou klima Òganizasyon Nasyon Zini an ap dewoule nan zòn sa a, ki se youn nan pi gwo sous oksijèn ak balans klimatik sou planèt la.
Prezidan brezilyen Luiz Inácio Lula da Silva ouvè evènman an avèk yon mesaj fò: “Mwen vle Amazoni pale ak mond lan. Li lè pou syans ak reyalite tounen aksyon.”
Li mete aksan sou nesesite pou sispann deforestasyon, fini ak konbistib fosil, epi mete kominote lokal yo nan sant desizyon yo. Lula deklare tou: “COP30 se pa yon konferans pawòl. Se COP verite a.”
Objektif konferans la se bati yon plan mondyal pou:
Pwoteje forè Amazoni a ak popilasyon endijèn yo,
Redwi emisyon gaz kabonik,
Ankouraje finansman klimatik pou peyi ki plis vilnerab yo,
E ankouraje yon ekonomi vèt, ki respekte moun ak lanati.
Malgre gwo espwa, gen defi ki rete: lojistik vil Belém, mank planifikasyon solid pou finansman, ak bezwen pou transfòme bèl deklarasyon yo an aksyon konkrè.
COP30 se yon moman istorik pou Brezil ak pou mond lan, paske li mete fènwa sou kesyon: èske nou pral kontinye pale, oswa èske nou pral aji pou planèt la?
Pou peyi tankou Ayiti, ki deja santi efè chanjman klimatik yo, COP30 se yon opòtinite pou mande plis solidarite, teknoloji, ak resous pou pwoteje lavi moun ak anviwònman an.
✳️ An rezime
COP30 Brasil Amazônia 2025 se plis pase yon konferans:
se yon apèl ijan pou limanite pran responsabilite li,
pou defann forè yo, pwoteje lavi, epi bati yon avni kote devlopman ak lanati mache men nan men.
Pataje-like-abone
Credit photo: climainfo
06/11/2025
🇧🇷 Brezil fè yon gwo pa pou plis jistis sosyal ak fiskal
Jodi a make yon jou istorik pou Brezil. Gouvènman an anonse apwobasyon yon lwa enpòtan nan Kongrè Nasyonal la, ki vize pou fè sistèm taks peyi a vin pi jis e plis ekilibre pou tout sitwayen.
Nouvo lwa sa a pote yon gwo chanjman: moun ki touche jiska 5 mil reyal pa pral peye okenn taks sou revni ankò, pandan moun ki touche ant 5 mil ak 7.350 reyal ap jwenn yon rabè sou taks yo. Sa vle di plizyè milyon travayè ap gen plis lajan rete nan pòch yo chak mwa.
Nan lòt bò a, moun ki gen gwo revni yo ap kontinye kontribye selon kapasite yo. Daprè gouvènman an, se yon fason pou asire “jistis fiskal”, kote tout moun patisipe nan konstriksyon peyi a dapre sa yo genyen.
Prezidan Brezil la remèsye Davi Alcolumbre, prezidan Sena a, Renan Calheiros, relatè pwojè a, ansanm ak tout lidè politik ki te soutni apwobasyon lwa sa a, ki te vote unanm nan tou de chanm yo.
Gouvènman an prezante siksè sa a kòm yon viktwa pou demokrasi ak jistis sosyal, e li afime angajman li pou kontinye travay an favè pèp brezilyen an.
Kisaw panse de nouvo lwa sa nan peyi Brasil?
Kite yon komantè
NB. Pa bliye abone epi pataje l
fans
27/09/2024
Parole du president d'Haïti à la tribune des nations unies
Discours du président du CPT Edgard Leblanc Fils à la 79e session de l'Assemblée générale des nations unies.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Ganthier