2BFM

2BFM

Partager

31/10/2025

🔴🔴: /lame amerikèn ap prepare nan jou kap vini yo la pou bonbade peyi Venezyela, selon 2 jounal ameriken.

Etazini ap prepare pou bonbade enstalasyon militè Venezyela yo a nenpòt moman, sa ki ap make yon eskalad kont rejim diktatoryal Nicolás Maduro a, dapre sa Miami Herald ak Wall Street Journal rapòte jodi vandredi 31 oktob la, yo site kek sous pwòch administrasyon Trump la.

Jounal Florid la te note ke atak aeryen yo ka fèt "nan kèk jou, menm nan kèk èdtan," pandan ke medya ki baze nan New York la presize ke "prezidan an poko pran yon desizyon final konsènan lòd pou bonbadman sou tèrès sou Venezyela."

Ofansiv la gen pou objektif fè presyon sou Maduro pou l abandone pouvwa a, dapre ofisyèl ke medya yo site, yo deklare tou ke atak la gen entansyon demonte Katèl Solèy (Los Soles ) ak rezo trafik dwòg Venezyelyen yo.

“Pami sib potansyèl yo genyen pò ak ayewopò ki kontwole pa militè yo ki swadizan itilize pou trafik dwòg, tankou enstalasyon naval ak pist aterisaj, dapre yon ofisyèl,” Wall Street Journal site.

Pandansetan, Miami Herald site yon sous ki di tan Maduro “komanse konte” paske kounye a gen plizyè jeneral nan lame bolivarienne nan ki pare pou kaptire l epi remèt li.

Photos from 2BFM's post 19/10/2025

🔴 2BFM / *Donald Trump lanse akizasyon trè fò kont Prezidan Kolonbyen an Gustavo Petro epi li anonse sispansyon sibvansyon ameriken pou Kolonbi.*

- Nan yon pòs resan sou rezo sosyal yo, prezidan ameriken Donald J. Trump kritike prezidan kolonbyen Gustavo Petro, ke li kalifye de "chèf dilè dwòg" ki ankouraje pwodiksyon dwòg masif nan peyi li a.

- Trump deklare ke pwodiksyon dwòg nan Kolonbi tounen prensipal biznis peyi a epi li akize Petro kòm li di ki pa fè anyen pou anpeche sa, malgre mwayen lajan Etazini bay pou kowoperasyon anti-dwòg.

- Nan menm mesaj sa a, prezidan Repibliken an deklare ke, avèk efè imedya, li pral sispann tout peman, sibvansyon ak èd ekonomik pou Kolonbi, selon li menm fon sa yo konstitye yon "eskrokri alontèm" pou Ameriken yo.

- Dirijan ameriken an avèti Petro pou l fèmen "jaden lanmò" ki lye ak pwodiksyon dwòg yo, sinon Etazini "ap fèmen yo pou li, epi se pa jantiman lap fè sa."

- Jiskaprezan, gouvènman kolonbyen an poko reyaji ofisyèlman a deklarasyon Trump yo.

Vous voulez que votre entreprise soit Entreprise De Médias la plus cotée à Delmas ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse


Delmas