Kadre

Kadre

Partager

22/09/2025

Kiyès Sony Estéus te ye ?

Sony Estéus (1963 – 2015) se te yon jounalis ak kominikatè sosyal ki make istwa kominikasyon popilè a an Ayiti. Depi finisman ane 1980 yo, pandan li t ap etidye nan Fakilte Lengwistik Aplike, li te kòmanse angaje li nan pwodiksyon radyo pou lajenès, peyizan ak kominote popilè yo.

Nan lane 1992, li te patisipe nan mete kanpe SAKS (Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal), yon rezo ki ap akonpanye anpil radyo kominotè anndan peyi a.

Sony Estéus te angaje nan travay pou mete kominikasyon an nan sèvis chanjman sosyal, patisipasyon sitwayen yo ak respè pou dwa tout moun.

Sony Estéus te kwè kominikasyon pa ka rezime ak difizyon nouvèl, men se yon zouti pou kreye jistis sosyal, devlopman dirab, epi pou bay tout moun dwa pou yo pale, tande epi patisipe nan lavi demokratik peyi a.

Edisyon 2025 Fowòm sou Metye Kominikasyon yo ap fèt an memwa li, kòm youn nan fondatè ki te trase wout pou ankouraje nou abòde kominikasyon an tankou yon zouti pou transfòme lavi moun.

Rezève plas ou pa fowòm nan kounya : https://forms.gle/Pk9zd21vqyrDViA59

08/07/2023

Sa k ap fèt?

Pandan 3 dènye ane ki pase la yo, se pa de kanmarad ki rele m vin pote yo sekou nan reyalizasyon travay odyovizyèl pou òganizasyon kote yo gen kontra osnon anplwaye. Metrize zouti pou reyalize travay odyovizyèl vini yon ekzijans pou kominikan yo jodi a.

Depi de twa mwa Kadre Ayiti ap ride moun ki vle jwenn baz pou kapab itilize zouti kreyasyon odyovisyèl yo. Si w entèrese Nou pral resevwa yon lòt gwoup moun. 6 moun pou chak moman travay yo.

Si w entèrese klike: https://forms.gle/tYH5AhaxAuQDHh8w9

N ap kontan wè w.

Vous voulez que votre entreprise soit Entreprise De Médias la plus cotée à Delmas ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Type

Site Web

Adresse


Delmas 33
Delmas
6111