FreeStyle Media

FreeStyle Media

Partager

04/01/2022

Kominike Pou Laprès

Manno Farinen Tounen Yon Atis Solo!

Miami, 1e janvye 2022.- Se nan Fresh-Up Manno Farinen kòmanse karyè l antanke chantè nan lakou Petyonvil kote, nan lane 2011, djaz te sòti ‘’BBM’’ yon single ki toujou ap fè moun danse jouk kounya. Apre sa, nan lane 2015, akòz sitiyasyon politik malouk peyi d Ayiti, Manno Farinen te deside mare pakèt li epi pran wout Etazini, patikilyèman nan leta Filadèlfi, pou l tabli katye jeneral li.

Kèk lane apre, etan l ap bouske lavi nan peyi Etazini, Manno Farinen kreye, nan tèt kole ak lòt mizisyen, LINKÒP (2017) ak NYCE (2018), 2 gwoup Konpa ki, malerezman, kraze rapid men moun toujou sonje. Malgre gwoup sa yo pat dire, yo rete pami jenn gwoup fanatik te pi renmen sou mache a pandan 10 dènye lane ki sot pase yo.

Apre yon peryòd nèf (9) mwa ap reflechi sou karyè li, Manno Farinen pran desizyon jwe an solo sèlman kounya. Nan sans sa a, apati piblikasyon kominike sa a, chantè a pral jwe sou non pa li men l ap gen mizisyen k ap akonpaye l sou sèn epi l ka jwe ak DJ tou nan kèk lokazyon.

_‘’Eksperyans mwen antanke chantè nan gwoup Konpa aprann mwen anpil bagay. Sa pa gen lontan, li te difisil anpil pou atis solo te pèse sou mache a. Jounen jodia, sa kòmanse chanje sitou grasa Rezo sosyal yo ki se yon gwo fòs pou yon atis solo kreye pwòp rezo fanatik pa l epi fè siksè. Sa ap pami estrateji mwen pral itilize nan oryantasyon tounèf sa a m ba karyè m nan’’_, se deklarasyon Manno Farinen.

Pou konnya, atis la kanpe nan lakou Miyami epi ap travay san rete sou premye EP li ki ta dwe sòti pandan premye twa (3) mwa lane 2022 a.

Pou tout enfòmasyon sou karyè solo Manno Farinen, tanpri kontakte ekip Manajmann li:

Telefòn: +1 (786) 612-9774
Imel: [email protected]
Rezo sosyal yo: on Twitter, IG, YouTube ak Facebook

-30-

Powered by FreeStyle Media

17/05/2021

INVITATION PRESSE Djakout #1

Présentation du Nouveau Chanteur et Première Mondiale de ‘’Se Mwen L Ye’’

Port-au-Prince, 17 mai 2021.- L'équipe de Management de Djakout # 1 a l'immense plaisir d'inviter la Presse musicale à un Cocktail de présentation officielle de Jean-Yves Toussaint, fraîchement arrivé dans la grande famille de ‘’djaz peyi a’’, qui sera suivi de la première mondiale de ''Se Mwen L Ye'', le nouveau single du groupe, illustré d'un vidéo-clip teinté de modernité et d'images tape-à-l'œil.

Ce double événement se tiendra à Presse Café, Pétion-ville, le samedi 21 mai 2021, de 5hpm à 7hpm.

Au cours dudit cocktail, l'équipe de Djakout # 1 profitera pour dévoiler d'autres projets en cours, notamment la sortie prochaine de son très attendu nouvel album studio.

COCKTAIL DE PRÉSENTATION
Samedi 22 mai 2021
Presse Café
28, Rue Rigaud, Pétion-Ville
5hpm - 7hpm

L'équipe de Management de Djakout # 1 compte énormément sur la présence et la ponctualité des membres de la presse musicale à ce cocktail.
__________________________________________________________________________________
RSVP : (509) 3445-3225, (509) 3725-7463 | Email : [email protected]

12/05/2021

Konkou "I Love Carole Demesmin" nan Phma2020 , 15 janvye 2022 nan Miramar, FL

Patisipe pou w genyen anpil kado ak 2000 dola ameriken CASH!

Vous voulez que votre entreprise soit Enterprise la plus cotée à Delmas ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse


Delmas 83
Delmas
HT6120