Petit Chaperon Rouge
Nan Lekol Petit Chaperon Rouge malgre sitiyasyon difisil yo nou pa janm sòti nan wout kalite a paske nou kwè nan kalite e nou kwè se kalite ki sòti peyi a nan sa li ye jodya . Nou aranje nou pou bay timoun yo yon fòmasyon syantifik kap pèmet yo konprann pi byen. Teyori + pratik SE konsa nou travay. Malgre sal chimi an poko fini men nou sèvi ak mwayen ki aksesib pou nou vanse paske nou pa vle kanpe. Nou konsyan SE timoun Jodi yo ki pral ranplase nou se pou sa nou vle ofri bon kalite fòmasyon pou fleri ayiti Cheri nou tout ap tann nan.
Ak timoun kalifye demen nou ap asire !
Ayiti pap peri!
07/03/2023
Ayiti pap peri! Fraz sa a dwe rete grave nan fon kè nou. Wi , Ayiti pap peri! Se pou sa Anndan Lekol Petit Chaperon Rouge, nou kwè nan fòmasyon timoun yo, kalite a nou fè li priyorite pou nou. Paske Ayiti nou pral konstwi a pap ka fèt san bon konesans.
Timoun jodya , granmoun demen! Nou konprann nou menm ki gentan nan 50 tan se ale nou prale e byen fò nou prepare jèn jenès la pou ranplase nou. E se tris lè nap gade jan yap detwi jèn jenès la, anpil ladan yo pran nan move angrenaj, swa paske yo grandi nan yon move zòn ou byen yo swiv anfliyans zanmi. Sa koz yon gwo gaspiyaj nan mitan yo. Si anndan lekol yo nou pa ba yo bon ankadreman nou riske gen yon twou ant vyeyès ak jenès paske moun ki pou ta ranplase nou yo , ap fin peri. Yo lage yon zam nan men yo, ki pap mennen yo lot kote ke nan simityè.
Li lè li tan pou afè yon timoun ki fin lekol ap fè twazan ap tann pou l antre nan yon inivèsite dwe fini. Wi timoun nan chita ap tann opòtinite pou l antre nan yon fakilte tandiske lap gaspiye tan. Moman sa yo lap pase ap tann nan sifizan pou li ta yon ebenis yon mekanisyen yon boss mason etc.
Lekol nou yo dwe komanse bay timoun yo bagay pou yo defann tet yo. A 17 ans timoun nan ta sipoze jwenn yon bagay pou l fè pou eseye antre kob.
Ayiti ap renouvle se lè nou tout ap pran responsablite pou nou edike timoun yo yon lot fason.
Nan Petit Chaperon Rouge, nou aprann timoun yo depi tou piti renmen teknoloji . Pa bliye : lè timoun nan ap reflechi e pi men l ap aji se yon gwo bagay . Se pou nou repanse bagay yo nou rev nou yo kap reyalize: Ayiti pap peri !
05/03/2023
Gen anpil moun ki panse m nan rev lè m di ayiti pap peri! Mwen pa nan rev men map swiv angajman ak sakrifis kèk paran fè pou pouse timoun yo lekol nan yon peyi an ranyon ki rive kanmenm pwodi yon pwofesyonel. Kalite timoun sa yo , yo pi plis ke sa nou ta ka imajine. E ti gwoup ki chwazi pa ale lekol yo pa pi plis pase yo. Men nap viv nan yon peyi kote yo pa bay valè an enpòtans. Se moman medyokrite ak fènwa kap reye. Mwen rete trankyl paske mwen toujou kwè fènwa pap janm genyen limyè. Yon jou lap jou e yon jou solèy la va klere e lè sa a na wè ki kantite bon ti grenn nou te genyen anba pay. Entèlektyèl nou genyen yo se tankou mango ki mi anba fèy. Yo la men nou pa ka wè yo.
Men yo la ap grandi , yap pare pou lè jou a rive e lap rive. Mwen te gen chans nan Petit Chaperon Rouge rankontre yon seri de timoun ki pou anyen pa tap twoke savwa kont medyokrite . Timoun sa yo depi yo piti , mwen te deja wè nan yon limyè a. Ki vin fè malgre moman difisil ke peyi a ap konnen la yo, yo toujou ap etidye paske lespwa pou yon demen meyè grave nan kè yo. Ayiti pap peri, se pou sa nou menm ki angaje nou nan edikasyon , prepare jèn nou yo ak prensip, disiplin, teknoloji . Konsa ya va itilize sajès yo pou yo sèvi peyi a.
Pa bliye se ak edikasyon ki byen fèt pou nou detwi jèm gang nan. Chak timoun nou byen edike se yon bandi nou touye nan vant. Sispann ak fòmasyon teyorik yo selman, aprann yo fè Pratik, konsa sèvo a ap reflechi e men yo ap aji. Yon sèvo kap reflechi e men nan pa ka aji se tankou nou fòme yon andikape. Yon moun kap pale bel bagay toutan men ki pa ka mete yo an pratik.
Ak tout ansyen elev Chaperon Rouge ki rete sou chimen konesans la, mwen fyè de nou , mwen poko gen foto nou tout men mwen espere jwenn yo, pou m montre Lemond antye ayiti pap peri. Imaj medyok la pa ka reprezante peyi nou. Nou vo plis ke sa !
Viv ayiti renove ak jèn ki gen tet byen ranpli e byen fèt !
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Adresse
400 Rue Stenio Vincent
Croix Des Bouquets