Capriccini

Capriccini

Partager

02/01/2023

Une heureuse année à vous mes chers
Que DIEU vous bénisse abondamment.

15/01/2021

An nou li ansanm
KLOU NAN JE ( CHALAZION, ONGELET ) Kisa pou fè si ou ta remake sa.

🌼Yon CHALAZION se yon ti boul ki nan po je a swa li nan popyè ki anlè oubyen nan popyè ki an ba. Ti boul sa li menm se grès ki ladan. Se yon glann ki rele meibomius ki pwodwi (lipides) lwil ki patisipe nan bon kalite lam ke moun bay lè yap kriye epi ki ede je a netwaye tou se glann sa yo ki vin bouche ki fè boul sa yo vin fòme.

☘️Lè ke menm ti boul sa vini de yon infeksyon epi li fòme nan rasin kote plim je yo ye a yo rele Li ONGELET.

🍁Koman li manifeste:
-Do je a oubyen anba je a anfle
-kote ki anfle a konn vin rouj
-Li fè mal
-Pafwa li konn gen ti likid kap sòti ladan
-Si li vin gwo epi li peze boul je a moun nan ka vin wè twoub pou yon ti moman

🌷Kèk fason ou kapab trete CHALAZION( boul nan je)
- Depi ou wè ti boul la paret la ou komanse fè yon ti masaj tou douseman sou li avek yo dwat ou ki byen pwop sa ap ede grès la pa akimile.

-Fè yon ti konprès avek yon ti dlo tyèd sou yon twal pwòp epi depoze l sou li pandan kek minit.

🏜️Si aprè tout sa yo ou pa jouin rezilta pa neglije ale wè yon Dokte pou fè swivi pou ou.


* Wedjine Capriccini CAPRICE*

30/11/2020

An nou li ansanm
KISA KI H PILORI ? LÈ DR A DIW H PILORI OU POZITIF KISA LI VLE DI W ?


H PILORI (Helicobacter pylori) se yon bakteri ( mikwòb) ki devlope nan lestomak ou. Adedan lestomak la li menm li asid bakteri sa alèz ladan. Bakteri sa bay yon enfeksyon kronik() nan lestomak la li ka menm rive bay kansè nan pati sa si li pa trete.

Li touche anpil moun nan mond la, li konn komanse pandan ou piti epi li konn pèsiste si ou pa chèche chimen doktè pou li trete oubyen si ou pa pran medikaman yo byen ak dyèt ki mache ak trètman.

Lè mikwòb sa nan lestomak la li fè li anfle yo rele sa (Gastrite). Li vin ba ou siy sa yo :
*Doulè nan pati lestomak la (ki se anba tete gòch ou oubyen anba espas fant tete yo),
*Noze
*Vomisman
*Dlo si kap monte nan gòj

Ou ka genyen mikwòb sa lè ou pase anpil anpil tan grangou, lè ou manje fwi ak legim ki pa byen lave, manje pa byen kwit yo. Oubyen nan twalet yon moun ki genyen l.

Si ou wè ou gen siy sa yo ki di la ale lopital yap fè tes h pilori a pou ou si li pozitif yap ba ou trètman pou sa.

Lè wap pran trètman ke Dr preskri ou a ou pa sipoze pran gazez yo, ni ji ki gen asid yo se sa ki pa gen asid egzanp( ji melon) pou ou pran. Ou pa sipoze manje gwo epis tou, ni piman ak manje ki gen twòp asid.

*Wedjine Capriccini Dr Caprice*

Sources : Harrison et helicobacter Canada info
CP: News médical

Vous voulez que votre pratique soit Clinique la plus cotée à Croix des Bouquets ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse


Port Au Prince
Croix Des Bouquets