INFO PLUS

INFO PLUS

Partager

01/06/2026
01/06/2026

T Paul Demesmin, ki se Prezidan Yves Paul Demesmin (YPD) Foundation, pa t bliye manman yo nan jounen espesyal sa a, dimanch 31 me 2026, ki make fèt manman an Ayiti. Nan kad pwojè Boutik Solidarite fondasyon an lanse pou sipòte fanmi ki pi vilnerab yo, T Paul Demesmin te pran inisyativ pou onore yon manman li te chwazi o aza kòm senbòl respè, lanmou ak rekonesans anvè tout manman k ap goumen chak jou pou soutni fanmi yo nan komin Leyogàn.

Avèk anpil emosyon, li te remèt manman sa a yon sipò espesyal yon bourik ak yon anvlòp 25,000 Goud kòm yon jès solidarite ak espwa.

Atravè aksyon sa a, Yves Paul Demesmin (YPD) Foundation vle montre ke manman yo merite plis konsiderasyon, plis sipò ak plis lanmou, espesyalman nan moman difisil peyi a ap travèse.

T Paul Demesmin pwofite voye yon mesaj ankourajman ak respè pou tout manman an Ayiti, sitou sila yo k ap lite chak jou ak kouraj pou bay pitit yo yon pi bon avni. Li reafime angajman li pou kontinye mete kominote a nan sant aksyon sosyal li yo epi travay pou pote plis espwa nan lavi popilasyon komin Leyogàn.

*Yon manman se poto mitan fanmi an. Lè nou sipòte manman yo, se tout sosyete a nou ede leve.* Team T Paul Demesmin Petit Ange Morgue Privée

Vous voulez que votre organisation soit Service Du Gouvernement la plus cotée à Carrefour ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse


Carrefour