Rodeline René
13/02/2026
Chak fanm pote nan li yon limyè ke pèsonn pa ka etenn. Menm lè lavi eseye fè w dout de tèt ou, sonje fòs ou pa soti deyò w, li soti andedan w.
Pa janm underestimate kapasite w. Ou gen pouvwa pou kreye, pou dirije, pou enspire, pou chanje lavi w ak lavi lòt moun.
Pa kite okenn obstak fè w lage. Chak ti aksyon w fè se yon prèv fòs ou, kouraj ou, ak determinasyon w.
Kwè nan tèt ou, pran responsabilite pou rèv ou, epi toujou sonje: w ap klere pou lòt fanm ki ap suiv w. Avanse ak fyète, epi fè chak jou konte.
Ou se modèl, ou se limyè, ou se motivasyon. Pa janm lage, paske chak aksyon ou pran jodi a ap bati yon demen pi fò pou ou ak kominote w.
Avec Rodeline Rene – Je fais désormais partie de ses super fans !
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter la personnalité publique
Téléphone
Site Web
Adresse
Carrefour