AVI-Co GROUP

AVI-Co GROUP

Partager

08/01/2024

Annatandan DHL fè travay pa l, .................

27/04/2023

Quoi de neuf?

Photos from Le Nouvelliste Haiti's post 17/04/2023
05/02/2022

10 kritè ki ka ede w achte yon bon bèf nan palan.

Yon bèf siyifi anpil pou yon peyizan, se yon kapital ke li envesti, se plizyè mwa travay li li kole pou l arive achte l, sitou pou moman kounnye a, yon bèf evalye antre 2000 a 7000 dola ayisyen. Si wap depanse tout kob sa nan yon bèf li enpotan pou w kapab metrize tout kritè ki kapab pèmèt ou byen achte.

LÈ WAP ACHTE YON TORO OU YON GAZÈL CHWAZI YONN KI:
1. Gen bon konpotman
2. Gen bon janm e bon pye men sitou ki mache byen
3. Fok 2 grennn li yo menm gwosè si se yon toro. Si se yon gazèl,Fok li gen yon bèl manmèl byen devlope, e ki pa pandye.
4. Byen laj e wo, sa vle di byen grandi e byen devlope
5. Li pa dwe ni trò gra ni trò mèg, li dwe gen vyann sou li selman
6. Mande enfo sou ras li soti, fok ou konnen si son bon ras.
7. Li dwe gen bon dan,
8. li pa dwe gen defomasyon fizik(pye li pa dwe pliye ou koube, ou kole)
9. Fok li an sante, san kenn siy maladi
10. Si se yon Gazèl li dwe gen yon bèl vant ki gen kapasite poul manje anpil

Kontakte Avicogroup sou Whatsapp +50937601825
Pou w kapatisipe nan fomasyon nou yo, oubyen siw bezwen konsiltasyon nou.

Pa bliye Renmen paj la epi pataje l ak kek zanmi kew konnen sijè sa ap enterese. Mesi Anpil !!!

Agr.NOEL Pechelyn

04/02/2022

KOMAN W KA REYISI ELVAJ POUL

(POULÈ PONDEZ OUBYEN POULÈ DE CHÈ )

**AVANTAJ AK ENKONVENYAN PONDEZ AK POULÈ DE CHÈ**

Ou pa konnen ki kalite poul pou w elve nan poulaye w, pa vre?

Ebyen enstale w konfotableman, Avico group pral dekri pou ou tout avantaj ak enkonvenyan ki genyen lè wap fè elvaj poul ke se poulet de chè oswa poulè pondez.

Poun ekri teks sa nou baze non selman sou eskperyans pesonèl ke nou fè men nou baze tou sou teknik modènizasyon kew ka itilize pou w reyisi yon elvaj poul( pondez oubyen chè).

A- kisa poul pondez la ye, kisa poulè de chè a ye?

Si w se yon elvè volay, asireman ou kapab fè diferans la men si w se yon moun ki vle rantre nan elvaj volay li Enpotan anpil pou kapab fè diferans ant yo 2 a, sa ap pèmèt ou oryante w pi byen.

Kisa poulè de chè a ye?
Poulè de chè se lè elvè a fè prodiksyon an pou li vann poul la inikman nan lide pou yo kapab konsome vyann nan.
Nan prodiksyon sa jèn poul sa yo grandi rapidman kontrèman a poul pondez yo ou poul kreyol nou konn gade lakay nou yo,Sik prodiksyon sa dire ant 35 a 45 jou, nan ti tan sa poul yo rive nan matirite yo,li grandi e grosi a yon nivo de fwa menm mache li pa kapab mache. Rezilta sa posib gras a manje ak medikaman ki pote yon eksè enèji lakay poul ki pèmèt li grandi e devlopman osi rapid nan yon tan si kout.

Kisa pondez la ye?
Pondez yo bo kote pa yo se lè elvè a deside pwodwi poul nan lide poul kapab vann ze yo selman . Lè sa poul sa yo gen jèn ki oblije yo ponn souvan( mwen di souvan se pa chak jou paske gen moun ki fè nou kwè ke yo ponn chak jou, se pa vre). Pondez yo pa fasil gwosi paske nomalman manje yo konsome yo pa menm ak poulè de chè yo, sa yo manje yo pa kont ba yo kapasite pou yo ponn plis san yo grosi.

B--- Avantaj ak Dezavantaj

***Poulè de chè /pondez****

- li pi fasil pou w demare yon elvaj poulè de chè paske li mwen koute e li pran mwens tan pou w komanse fè benefis, nan titan sa ou gen plis chans pou maladi pa anvayi w. Kontrèman pou pondez la
- ou te mèt pa trop ekspè , depi w gen kek enfomasyon ou kapab pratike poulè de chè a.

- Pou demare yon elvaj pondez, ou bezwen gen yon konesans aprofondi, plis tan ak anpil lajan, men siw achte ti poul yo tou piti wap bezwen pran swen yo jiska ke yo rive nan peryòd pou yo komanse bay ze, e se nan peryod sa wap k pale de benefis.

- manje poulè de chè yo pi chè pase pondez yo, se normal paske poulè de chè yo bezwen plis enèji, plis pwoteyin pou yo ka pran pwa ak grandi rapid. Plis pousantaj pwoteyin ki nan manje a pi wo se konsa tou manje sa koute plis lajan.

- si pa egzanp ou ta fè yon pèt nan yon s*k, li pi fasil pou w rekomanse nan poulè de chè ke nan pondez paske pou poulè pondez la fok ou ta pran 1 an pou sa posib.

- ak 100 grenn poul nan poulè de chè a, wap kapab fè bn benefis tandike pou pondez la ou Bezwen yon gran kantite pou w pale de benefis.

Kontakte Avicogroup sou Whatsapp +50937601825
Pou w ka patisipe nan fomasyon nap fe sou ekvaj volay la.

Renmen paj la epi pataje l ak kek zanmi kew konnen sijè sa ap enterese. Mesi Anpil !!!

Agr.NOEL Pechelyn

Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Cap-Haïtien ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Type

Téléphone

Site Web

Adresse


Cap-Haïtien