Jergus

Jergus

Partager

Jergus (@jergus42) 27/06/2026

☆☆☆
L’EMPRISE DU CHAOS #6
☆☆☆

▄ ▄ ▄
La série à suspense écrite par : Jerry GUSTANAR aka Jergus
▄ ▄ ▄
page: Jergus
https://www.facebook.com/jergus42/
▄ ▄ ▄ ▄ ▄▄
Wattpad : Jergus42
https://www.wattpad.com/user/jergus42?utm_source=android&utm_medium=link&utm_campaign=invitefriends
▄ ▄ ▄ ▄ ▄▄
Toujou pataje, like ak kòmante chak grenn épisode. Se seul fason w kapab ede série a rive pi lwen.
█████████████████████████
NB : Gen yon gwoup WhatsApp VIP. Pou w kapab ladan l, gen kritè ou dwe ranpli.
████████

☆☆☆
Épisode #6
☆☆☆

👉 Yon Hôtel abandone nan mòn Kenscoff – 02:00 AM.

👉 Moman an te frèt, li te gen yon sant pen ki t ap boule byen lwen. Ritchy te kanpe bò fenèt la, li pa t mete chemiz, bandaj ki nan bra l la te tache ak san ki sèch sou li. Li t ap gade limyè Pòtoprens yo k ap briye anba a. Daphnée pwoche dèyè l dousman. Li mete men l sou do Ritchy. Li santi chak mak, chak sikatris ki ekri istwa nèg sa a sou po l. Ritchy vire tèt li, zyeu l rankontre zyeu Daphnée. Pa t gen pawòl. Nan silans sa a, te gen tout moun yo te pèdi, tout bal yo te evite, ak tout dife yo te travèse.
Ritchy rale l vlope nan bra l. Bouch yo rankontre. Se pa t yon bo dous, se te yon bo assoiffé, yon bo 2 moun ki pa konnen si y ap wè demen. Ritchy leve l, li depoze l sou gwo yon kabann ki te kouvri ak yon bèl dra swa blan an. Anndan chanm nan, sèl sa n tande se souf yo, ak rad k ap chire. Pou yon fwa, se pa t bruit zam, men se te bruit de moun k ap goumen pou yo santi yo vivan. Daphnée te santi fòs Ritchy sou li, yon pwoteksyon ki te melanje ak yon pasyon sovaj. Lè kò yo fè yon sèl, tout "Chaos" ki deyò a te parèt disparèt.

👉 Se te sèl moman la paix yo te genyen depi lè yo te rantre nan guerre sa a.

👉 Nan yon bèl kay nan Petyonvil, 11:30 AM. T-Lova te chita nan yon salon ki chaje ak luxe, li t ap konte gwo rès kòb li te sove ak li a. Li te peur, paske san èd Clara ak Sonel, li pa t gen pwoteksyon anlè a ankò.
Pòt la louvri. Yon fanm antre. Li pa t gen zam, li pa t gen nèg dèyè l. Li te jis gen yon kaye nwa nan men l. Li rele Sonia.

T-Lova, rale zam li vit : Kiyès ou ye, bèl fanm? Ou pèdi wout ou?

Sonia, chita san l pa mande pèmisyon : M se moun ki pral sove lavi w, T-Lova. Oubyen moun k ap antere w bò kote soeur m nan. Clara se te ti soeur m. M konnen tout kote Sonel te kache kòb li yo nan peyi etranje. Kòb ou gen nan men w la, se ti yon monnen epis.

T-Lova, bese zam li, li kirye : Kisa w vle?

Sonia : M vle tèt Daphnée Mérisier sou yon plato. M vle l soufri jan l te fè sè m nan soufri a. Ou konn béton an, mwen m konn sistèm nan. Si n mete tèt nou ansanm, n ap tounen nouvo "Emprise" la.

👉 Yon lieu secret, pandan l te fè 03:00 nan apremidi.

👉 Daphnée te chita bò kote manman l, Vivianne. Yo te nan yon ti jaden, lwen bruit ville la. Vivianne t ap koupe kèk fleur, li te parèt pi byen, men je l te toujou gen yon tristès ki pa t ap janm fini.

Vivianne : Daphnée, ou menm ak Ritchy... m wè jan n ap gade youn lòt. Men fè atansyon. Lanmou nan mitan lagè se yon faiblesse lènmi an ka itilize kont nou.

Daphnée : Se pa yon faiblesse, manman. Se sèl sa k fè n pa tounen bèt nèt.

👉 Ritchy te vin parèt ak yon move nouvèl.

Ritchy : Daph, gen yon fanm ki t ap pale nan radyo nan kapital la. Li rele Sonia, ki t ap pale nan non fanmi Jean-Jacques. Li mande padon nan non sè l Clara, li di li vin pou l rebati vil la. Li bay tout moun ki grangou manje. Li fè pèp la kòmanse renmen l.

Daphnée, rale soupi : Yon mechan ki fè tèt li pase pou sen... sa pi danjere pase yon nèg ki gen yon zam nan men l. Li vle pran pèp la nan men nou.

👉 YON SEMÈN APRE.

👉 Nan yon katye popilè nan zòn Cité Soleil – 10:00 AM

👉 Solèy la t ap krake sou tòl yo, men nan lari a te gen yon lòt anbyans. Yon gwo kamyon ki chaje ak sak diri, lwil, ak bwat lèt te kanpe nan mitan plas la. Sou kote kamyon an, te gen yon gwo foto Sonia Jean-Jacques ak yon mesaj: "Mwen tounen pou m repare sa k te kase."

👉 Sonia te kanpe sou yon ti tribune, li te mete yon rad blan ki te fè l parèt tankou yon zanj nan mitan fatra ak pousyè a. Li t ap bay timoun yo bonbon, li t ap anbrase granmoun fanm yo.

Sonia, nan yon mikwo : Mwen konnen doulè nou. Mwen konnen ti sè m Clara te fè erè. Men mwen pa menm jan avè l. Mwen pote lavi, mwen pa pote lanmò. Moun k ap tire yo, moun k ap kache nan mòn yo... se yo k lènmi nou tout bon vre.

👉 Nan mitan foul la, te gen nèg T-Lova yo ki te kache an sivil, y ap tcheke si gen moun k ap di move pawòl sou Sonia pou yo ka regle ak yo apre.

👉 Toujou nan lieu secret a, Ritchy ak Daphnée ye a. Pandan l te fè 01:45 PM.

👉 Ritchy te chita sou yon vye chèz an bwa, l ap netwaye zam li ak yon kòlè ki t ap bouyi anndan l. Jergus antre ak yon videyo sou telefòn li k ap montre jan moun yo ap rele "Viv Sonia".

Jergus : Frérot, nèg yo kòmanse ap pale mal de nou nan baz la. Yo di Sonia ap bay kòb, li louvri klinik, epi nou menm... nou sèlman pote lagè ak lapolis dèyè nou.

Ritchy, voye zam nan sou tab la : Se sa k rive lè w batay pou yon moun ki grangou. Depi yon lòt ba l manje, li bliye kiyès ki te mouri pou li.

Daphnée, soti nan douch la, li te gen yon sèvyèt ki vlope nan kò l : Sonia entelijan. Li konnen pèp la fatige ak san. Li vle izole nou, pou lè l tire sou nou, pèsonn pa kriye pou nou.

👉 Daphnée mache vin jwenn Ritchy. Li chita sou jenou l, li poze men l sou figi l ki te gen mak kòlè a.

Daphnée : Nou pa ka goumen ak Sonia nan bay manje tou. Nou pa gen kòb sa a. Fòk nou montre pèp la kote kòb manje sa a soti.

👉 Ritchy gade l, li rale l pi pre l. Tansyon an chanje nèt.

Ritchy : Ou toujou konn sa pou w di... men pafwa m ta renmen n bliye guerre sa a pou yon segonn.

👉 Li desann sèvyèt la dousman. Nan mitan dezòd sa a, nan mitan kòlè a, yo te jwenn yon lòt fason pou yo di "mwen la toujou". Yo fè lanmou ak yon raj, tankou se te dènye fwa tè a t ap vire. Chak fason men yo t ap pase peau yo te gen yon gou viktwa ak dezespwa an menm tan.

👉 Yon bèl kay nan zòn Marlique – 08:00 PM. Sonia t ap bwè yon diven blan nan yon verre cristal. T-Lova te chita devan l, li t ap gade yon kat jeyografik.

T-Lova : M jwenn kote yo kache a. Se yon vye depo dlo nan Bèlè. Si n voye nèg yo aswè a, n ap fini ak yo.

Sonia, souri dousman : Non, T-Lova. Ou twò prese. Si n touye yo kounye a, y ap tounen yon héros. M vle pèp la dechire yo ak pwòp men yo. M vle yo parèt tankou se yo k vòlò kòb Sonel ak Clara te genyen yo.

T-Lova : Kijan n pral fè sa?

Sonia : Nou pral fè yon faux vol nan kamyon manje demen an. N ap peye de jèn nan zòn nan pou yo di se Ritchy ki voye yo vòlè diri moun yo. Lè pèp la an kolè, n ap sèlman gen pou n gade.

👉 Nan mitan lannuit la, pandan l te fè 11:30 PM. Daphnée te chita devan laptop li ankò. Li t ap fouye nan sistèm bankè Sonia te itilize nan Canada a. Bridsoukou, li jwenn yon bagay ki fè l sispann respire.

Daphnée : Ritchy! Gade sa!

👉 Ritchy pwoche, li te gen yon ti bout pantalon sou li.

Daphnée : Sonia pa t ap viv Canada sèlman. Li te gen yon konpayi ki rele Pure Gold. Yo te konn pran tifi isit la, yo voye yo kòm travayè domestik, men an reyalite, se trafik fanm li t ap fè pou kliyan rich.

Ritchy : Se sak fè l te bezwen ONG a! Se te yon faktori pou l chwazi bèl tifi.

👉 Daphnée gade yon lis non ki te nan fichier a... li wè non yon tifi li te konnen byen.

Daphnée : Li gen non ti sè Jergus ladan l tou. Jergus pa konnen ti sè l la mouri, li panse li Canada ap travay.

👉 Ritchy sere pwen l.

Ritchy : Si Jergus wè sa... Sonia p ap bezwen pèp la pou l mouri. Jergus ki ap mete yon grenn bal nan tèt li.

👉 Pandan li te vin fè 01:00 AM. Pòt depo a louvri dousman. Se pa t yon lènmi. Se te Mélissa. Nou sonje Mélissa, zanmi ki te trayi Daphnée a. Li te parèt peur, li te gen yon anvlòp nan men l. Yo pa menm konnen kijan l fè vini la.

Mélissa : Daph... m konnen ou rayi m. Men fòk mwen te di w sa. Sonia ap prepare yon kou pou demen maten. Li vle fè pèp la rache nou. Men sa m jwenn nan biwo l la... se plan wout kamyon k ap pote pwazon an.

Ritchy, vize Mélissa : Poukisa w vin isit la, Mélissa? Ki pyèj sa a?

Mélissa, kriye : Paske Sonia touye manman m kanmenm! Malgre m te fè sa l te di m fè a! Li se yon san kè menm jan ak Clara. M pa gen anyen pou m pèdi ankò!

👉 Daphnée pran anvlòp la. Li gade Ritchy.

Daphnée : Demen, nou pral montre pèp la kisa ki dèyè diri sa yo Sonia ba yo a.

👉 Suite bientôt 🔜

Jergus (@jergus42) Chaque histoire que je partage est un morceau de moi que je vous offre. Je suis Jerry Gustanar alias Jergus, auteur et...

Vous voulez que votre personnage public soit Personnage Public la plus cotée à Cap-Haïtien ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Type

Site Web

Adresse


Cap-Haïtien