Joseph Vergentz

Joseph Vergentz

Partager

05/02/2026

PAWÒL_TIMOUN # 21

🟡 Pi gwo egzanp timoun yo dwe gen se paran yo.
Timoun aprann plis nan sa yo wè pase nan sa yo tande.
Jès nou, pawòl nou, fason nou pale youn ak lòt… tout sa fòme karaktè yo.
❗ Paran pa dwe di nenpò̀t pawòl devan timoun, menm lè yo fache.
Pawòl ki di nan kòlè ka kite mak pwofon nan kè yon timoun, epi enfliyanse fason li wè tèt li, lòt moun, ak lavi.

👉 Kèk konsèy pou paran :
✔️ Pran yon poz lè ou fache anvan ou pale
✔️ Pale ak respè, menm lè w ap korije
✔️ Evite joure, menas, ak imilyasyon
✔️ Montre timoun nan kijan pou rezoud konfli san vyolans
✔️ Chwazi dyalòg olye de kriye
✔️ Montre lanmou ak ankourajman chak jou.

💛 Yon timoun ki grandi nan respè ak lanmou gen plis chans vin yon granmoun ekilibre, responsab e ki gen konfyans nan tèt li.

👉 Ann chwazi edike, pa blese.
Ann korije, san kraze.
Ann bati lavni timoun yo ansanm.





PwoteksyonTimoun
ResponsabliteParan

31/01/2026

CDEJ HA-0986 ap di yon gwo mèsi a pou bèl fòmasyon li te fè jodiya pou tout jèn patisipan ki fè pati tout CDEJ yo nan peyi a.
bat gwo bravo pou ki bay jèn CDEJ yo opòtinite pou tande moun nan kominote nou an ki deja fè gwo eksperyans e akonpli bèl bagay.

Se te yon bèl eksperyans, yon bon kout pous, yon bon ranfòseman, e yon bèl opòtinite ki pral ede jèn yo pran responsablite yo nan fason y ap devlope tèt yo ak kominote yo !

Bravo ! Mèsi 🤝

21/11/2025

21/11/2025
Vous voulez que votre personnage public soit Personnage Public la plus cotée à Cap-Haïtien ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Adresse


Cap-Haïtien
HT1220