Histoire du monde 509

Histoire du monde 509

Partager

03/05/2026

Kowalisyon opozisyon an ak plizyè milye lòt manifestan te desann nan lari vandredi 1ye me 2026 la pou mande reouvèti Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture la ak wout rejyonal yo ak nasyonal yo.

Li enpòtan pou note ke jounalis News TV Harold Ville, ki t ap rasanble reyaksyon manifestan yo, te pran yon kout gaz lakrimojèn nan janm gòch li.

12/04/2026

Pwosè pou asasina Prezidan Jovenel Moïse:

Ansyen Senatè John Joel Joseph, ki te deja kondane, fè revelasyon chokan, kote li deklare ke konspiratè yo te gen plan pou mete kò Prezidan an nan yon barik apre asasina a epi jete l nan lanmè.

12/04/2026

DRAM NAN SITADÈL: MILO AK SEN RAFAYÈL AN DÈY!
Se avèk anpil tristès antanke pitit Milo, mwen aprann trajedi ki rive jodi a nan Sitadèl la. Mwen pèsonèlman afekte paske se lakay mwen sa pase, epi se jèn elèv nan bastion politik nou, Sen Rafayèl, ki viktim nan bouskilad sa a.

Omwen 30 jèn gason ak jèn fi, ki se avni nasyon an, pèdi lavi yo jodi a. Mwen voye tout senpati m ak tout fòs mwen bay fanmi yo nan Sen Rafayèl ak tout moun nan Nò k ap kriye.

Kesyon pou otorite yo : ki jan yon trajedi konsa fè rive nan yon moniman otman istorik ?
Nou aprann te gen plis ke 3000 vizitè anndan sitadèl la. Sa ki pa posib pou yon moniman ansyen. Ki donk, se yon neglijans ki transfòme an katastwòf. Nou egzije majistra ak responsab sekirite sitadèl la, fè limyè sou dram nan pou evite lòt katastwòf.

Milo ap kriye, Sen Rafayèl nan lapenn, Ayiti an dèy !

Moise Jean Charles.

Vous voulez que votre personnage public soit Personnage Public la plus cotée à Bon Repos ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Site Web

Adresse


4551 Empire Bluff Lane Groveport Ohio
Bon Repos
43125