Jeune Aquinois
30/12/2025
Eske 'n pare ankò pou ane a ?
16/12/2025
Aken Pedale se yon aktivite kominotè ki mete lavi an mouvman.
Li rasanble moun tout laj nan yon anbyans pozitif, dinamik ak fratènèl, kote nou pataje enèji, kilti ak bon jan moman.
Atravè mouvman pedale a, nou ankouraje byennèt, solidarite ak enèji pou n avanse ansanm. Se yon okazyon pou bouje, pou respire, pou rankontre, epi pou raple tèt nou ke lavi se aksyon, e avanse ansanm toujou pi fò. Se sa k fè tèm nou ane sa se:
LAVI PA KANPE, SOSYETE A DWE AVANSE, ANN PEDALE POU N FÒSE CHANJMAN.
Aken Pedale se plis pase yon evènman :
se yon randevou, se yon moman pataj, se yon mouvman lavi.
Tout moun envite.
Vin patisipe.
Vin bouje.
Vin viv mouvman an. 🚴🏽♂️🌿
AP2k25
AkenPedale2k25
08/01/2024
AKEN PEDALE kontinye pousib chemen li nan trankilite pou makonnen fòs tout kalite jenerasyon ansanm pou kapab PEDALE Aken pou yon demen miyò.
Ane sa ankò, nou gen chans pousib wout nou avèk sipò tout kalite kouch nan sosyete nou an ki anbrase mouvman sila yon lòt fwa nan lanmou ak lapè. Aken Pedale se fòs, se lanmou, se nanm tout yon jenerasyon ki anvi avanse pou pi douvan.
N ap ba w randevou pou yon pi bèl edisyon nan plis serenite, lapè ak lanmou pou yon pi bèl 8èm Edisyon.
📸: Noël Peterson-Luster
20/11/2023
Menm jan ak dlo k ap koule nan yon kanal ki pa anvi kanpe,
Menm jan ak san n ki cho k ap koule nan kò nou,
Menm jan ak kanal la k fè n ini fòs nou,
Menm jan ak dènye edisyon avan yo ke n pap janm bliye,
Se konsa menm jan avè w nou eksite pou n ofri w 7ièm edisyon AKEN PEDALE 2023, eksite pou n pataje meyè moman nou yo ansanm pou dènye jou nan ane a nan yon pleyad aktivite kiltirèl ak sosyal.
Prepare bekàn ou, envite yon zanmi, nou pral selebre lavi ansanm.
31 desanm 2023, AKEN PEDALE, tou pandan n gen fòs ak lavi, PEDAL YO PAP KANPE.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Site Web
Adresse
Aquin