Pure Vayb Ent
15/06/2026
🚨🇭🇹 PÈYI A PA PÒV… MEN KORIPSYON AK ENPINITE KOUTE L CHÈ!
Anpil sitwayen kontinye eksprime fristrasyon yo devan kestyon move jesyon ak kestyon detounman resous piblik yo.
💭 Gen moun ki kwè pwoblèm Ayiti pa sèlman kestyon mank resous, men tou kestyon :
📌 koripsyon,
📌 enpinite,
📌 absans responsablite nan jesyon zafè Leta yo.
🇭🇹 Anpil Ayisyen espere ke yon jou :
✅ enstitisyon yo pral fonksyone nòmalman,
✅ ankèt yo pral fèt san patipri,
✅ epi tout moun ki koupab nan kestyon detounman lajan piblik yo pral rann kont devan lajistis, kèlkeswa pozisyon yo te okipe.
💬 Yon peyi pa chanje sèlman ak kòlè. Li chanje lè lalwa aplike pou tout moun san diferans.
🗣️ Kesyon an :
Daprè ou, ki premye gwo mezi ki dwe pran pou konbat kestyon koripsyon ak ranfòse konfyans popilasyon an nan enstitisyon yo? 👇🏾🇭🇹
🇭🇹⚖️
10/06/2026
🚨🇭🇹⚽️ GEN CHANJMAN NAN MAYO AYITI A POU MONDYAL 2026 LA!
Daprè enfòmasyon yo, FIFA mande kèk ajisteman sou nouvo mayo Grenadye yo apre yon evalyasyon òganizasyon an te fè. 😳
📌 Selon FIFA, kèk eleman nan konsepsyon orijinal la te kapab bay plas pou diferan entèpretasyon ki pa konfòm ak règleman konpetisyon an.
👕 Konpayi SAETA fè konnen li respekte desizyon an epi li deja pote tout koreksyon ki nesesè yo.
✅ Nouvo vèsyon mayo a deja pare.
✅ Jwè seleksyon an deja fè foto ofisyèl yo avèk li.
✅ Se mayo sa a Ayiti pral itilize pou premye match li kont Ekòs nan Mondyal 2026 la.
💭 Finalman, sa ki pi enpòtan an se pa sèlman mayo a…
Se kè, fyète ak detèminasyon Grenadye yo pral pote sou teren an pou reprezante Ayiti. 🇭🇹🔥
🗣️ Kesyon an :
Eske FIFA te gen rezon mande chanjman yo, oswa ou ta pito Ayiti te kenbe konsepsyon orijinal la? 👇🏾🇭🇹⚽️