Priere Intense Avec pasteur Loubens
06/05/2025
Le chrétien et l’argent !
Mmmmmmmm
Lizay Wi siw nan Kay la !!!
Tout moun kap viv ki gen souf ‘ bezwen ti bagay sa ki rele lajan pou kontinye viv !!! Se vre li paka achte ti souf la , men li parer nan tout ti detay !!!
Premye kote lajan site se nan Kay la ki donk nan enstitisyon sa ki rele fanmiy lan ! Dayè se avek lajan pou fe manje lave pase edikasyon ti moun yo , lajan dwe pale pou ale Kay doktè paske depi wap viv ou ka malad !!! Menm lè ou ta mouri moun ki rete yo ap toujou bezwen lajan pou antere ou . Sa vle di , Bondye m’enm ki te deja fè pwovizyon sa pou nou ,
Ki donk lajan se yon veritab pisans Mezanmi !!!
Men tou , ti bagay sa ki rele laja nou tout bezwen pou nou kontinye viv la , se ladan tou anpil bagay mal soti paske li se yon Gwo fos ! Pou li , moun pa respecte moun , egzanp lan klè , anpil nan nou , lè nou pat gen dwa avek ti bagay sa ki, nou te respekte moun men depi nap manyen li , Wa pa Kouzen nou prezidan pa bòpè nou ! Pou ti bagay sa yonn taxi lot , pou ti bagay sa yonn arrive time lot !
Bon konnya d’âpre tout sajes nou resevwa , nou dwe we pou ki rezon moun ki gen sentespri aktive nan lavi li tout bon , se yon moun ki anpil fwa nan di pou viv ; rezon yo senp
Se paske yo pa dako manyen tout lajan
Yo pap fe tout bagay pou yo gen lajan
Bib la fem konnen , se avek swè fwon nou pou nou manje , Ebyen lajan nou ta dwe rezilta Travay nou
Nou pa kwe nan fe move aksyon pou lajan
Nou pa kwe nan bese yon lot pou lajan
Nou pa kwe nan jwe aza pou nou gen lajan
Nou kouri pou tout move lajan
Mmmmmmmm
Bagay yo anpil pou nou ta di Wi men
Siw konn kek anko
Mete yo anba pos la
Kretyen kenbe têt nou nan dènye tan sa tande , satan rize anpil anpil !
Click here to claim your Sponsored Listing.
Category
Contact the public figure
Telephone
Website
Address
Lehigh Acres, FL
33976