Haitian Promo 509
09/01/2026
Depite repibliken Berny Jacques nan Florida ki li menm te fèt Ayiti epi kite kite Ayiti pou kesyon sekirite ki vin yon sitwayen American, vini ak yon pwojè lwa pou fè lavi pi difisil pou imigran ilegal yo:
Nan yon pwojè lwa Jacques soti li vle lis chanjman sa yo pou imigran ilegal yo.
❌ Entèdi imigran ilegal yo jwenn nenpòt fòm asistans pou vin pwopriyetè kay.
❌ Entèdi imigran ilegal yo voye lajan nan lot peyi.
❌ Entèdi imigran ilegal yo louvri kont labank.
❌ Entèdi imigran ilegal yo jwenn konpansasyon travayè.
❌ Ogmante penalite pou biznis ki anplwaye imigran ilegal.
❌ Fè imigran ilegal yo otomatikman "responsab" nan aksidan machin, sof si prèv klè ak konvenkan konteste sa.
Sa ap yon gwo kou pou kominote imigran yo spesyalman Nan eta Florida kote nou gen plis imigran Ayisyen.
09/01/2026
Nan Yon Interview Prezidan Ameriken an Donald J. Trump anonse ke Etazini pral komanse frape Katèl Drug Meksiken yo pa vwa Terès. Meksik ka Pwochen viktim de politik etranjè amerikèn ki vize a atake tout Peyi ke yo jije ki lakoz dwóg rantre sou teritwa.
Nap raple se pa premye fwa Prezidan Donald Trump fè referans ak Meksik Kom sib. Li te deja anonse Meksik ak Kolonbi epi Kiba se Pwochen sib li.
Lyen Nan premye komantè