MKF: STORE

MKF: STORE

Partager

31/03/2026
23/03/2026

Manman'm te di'm kite mari'm, o wi dat neg sa antre'm etazini menm yon 700 dola an plen mwen pa janm voye ba li, misye pa serye bla bla bla, o wi mwen merite mye ke yon neg peng konsa. Se te fason pa'l pou'l te di'm ke'm pa gen yon bon mari. Vin rive yon pwen manman'm propoze'm pou'l fe yon maji pou mari'm ka banm plis kòb. Li di'm pran nenpot pantalon misye koupe 2 pòch yo voye ba li. Map sezi wè jan lap banm kob san rete. Jou sa mwen di manman'm ke'm pa gen enterè sa. Lè mari'm te konn ap okipe'm peye kay ak inivèsite ayiti pou mwen se ak 2 fre'l li tap viv nan kay, se ansanm yo mete kob pou peye bill yo tout tap travay, li te pi fasil pou li. Men depi mari'm fin antre'm nan li achte yon kay, li di'l gen madanm li gen pitit konnya fok li gen yon kote pou yo domi. Pou kay sa selman mari'm peye 2000 dola pa mwa lot bill yo pa konte. Nou gen yon pitit e'm gen youn nan vant. Mari'm pap tronpe'm, depi'l fin travay se lakay li lap antre, telefòn li nan menm lè'm vle m resevwa apel pou li lè'm vle. Li pap ni boude ni fache.

Mwen menm m leve san papa, m leve jwenn chak semèn mwen gen yon bòpè. Se gras Bondje se Erik neg ou te renmen anpil la pat gentan vyole'm a 11 an, lè'l fin desann kilòt mwen peze bouch mwen tonton'm frape pòt la, li kouri moute pantalon'l epi'l di'm si'm pale sa lap touye'm. Malgre sa lè'm te di'w sa se mwen ou te bat ankò. Ou vle pou'm kite mari'm paske'l pap voye 700 oubyen 1000 dola ba ou tanzantan. Semèn nan pap fini pou'm pa voye yon 100 dola pou ou, ou pa gen pyes bill sou kont ou, ou pap peye kay, galata'w toujou gen provizyon. Kisak fè mari'm pa bon la. Eske'm janm rele'w pou'm di'w lap bat mwen, eske'm janm diw m gen matlot kap joure'm nan lari, eske'm janm di'w mari'm pa banm tan li pa banm afeksyon. Donk ou vlem divose epi al kanpe sou trotwa pou'm ka ponpe'w lajan, menm jan lè'm te ayiti m te konn ap pran senatè depite ak dealer drug yo. Non manman nan lavi chaje bagay ki pi enpotan ke lajan e yon fanmi kote ki gen lanmou se youn nan yo.

Mwen pap fe maji pou mari'm, m pap gate gras Bondje fè'm nan. M pap kraze maryaj mwen paske'w pa renmen neg mwen. Se mwenk pou renmen'l se mwenk pou konnen sa'l vo pou mwen. Si'w vle pitit ou toujou cool avè'w menm jan, pa foure bouch ou nan dosye maryaj mwen ankò. E se paske se manman'm ou ye ki fè'm janti avè'w konsa. Si'w bezwen konte milyon menm sa'w ap preche'm pou'm al fè a si'l bon konsa ou ka al fè'l tou, epi touche lajan'w jui richès ou. M renmen'w anpil manmi men'm pi renmen fwaye'm ke tout bagay sou latè.

Gen nan nou se pa manman nou ki kanpe an kwa, se zanmi kouzin fanmi lwen koleg travay epi apre se yo menm ankò ki pra'l pale nou mal. Se yo menm ankò ki pra l di yo te wè sa pou nou.

14/03/2026
27/02/2026
23/02/2026
23/02/2026
Vous voulez que votre personnage public soit Personnage Public la plus cotée à Tabarre ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Site Web

Adresse

Tabarre 27
Tabarre