AFCB

AFCB

Share

15/10/2025
15/10/2025

Bonjou Nou retounen ak nouvo afich saa pou nou di ak tout fanatik yo, ke match kite gen pou jwe 20 Octobre la pap jwe nan dat saa ankò, lap jwe Dimanch kap 26 Octobre.

Dat saa chanje swit avèk dat fèt patwonal Banane nan ki rekile pou 26 Oktòb. Deja mèsi tout moun nou konte sou konpreyansyon nou.

10/10/2025

Pote kole pou pwochen match klèb la.

01/10/2025

Rapò Match AJSACA VS AFCB 28, 09, 25 Ansapit.

Aprè anpil difikilte Association Football Club Banane (AFCB) te rive bat Association Jeune Sportif pour l'Action Civique de l'Anse-a-pitre (AJSACA) 0-1 yon gòl kite make nan 51ème minit sou yon koufran ke Reginald te choute kita pral frape nan ba transvèsal la, Missingtong ta pral mete balon an nan filè ak yon kout tèt klasik.

Aprè gòl saa AJSACA te fè plizyè chanjman pami yo li te chanje gadyen epi kat (4) lòt jwè men, nou te rete trè solid jus te rive konsève skò a, pou nou te rantre lakay nou avèk viktwa saa, ki trè bon pou nou paske se premye sòti klèb la. Mèsi ak tout moun lite supòte nou ekonomikman ou moralman. Nap kontinye Travay pou nou mete souri sou lèv fanatik yo.

NB: Pwochen match nou se pou pa twò lontan, nap gentan kominike dat la ak tout fanatik yo, rete solid ak klèb la, pandan nap travay chak jou pou nou pi pèfòman.

PDG : BIGENS Paul-Avril.

01/10/2025

Yon nouvo klèb ki fenk kreye nan katye bannann kap fè pale de li anpil. pa neglije vin supòte klèb lan.

Website