Sek-Media
Pa leve tet nou gade sanzave j*p dirije nou yo, al nan peyi etranje, pou n wè si yo pap imilye pitit nou konsa.
Men sa ki manke ayiti. Se pi kreten, pi sou sou yo ki dirije
"Anpil moun ap pale de vilnerablite popilasyon an nan kesyon Gaz ak ensekirite, sa moun sa yo pa konprann ou byen yo nan kou a tou. Leta sa a se yon rezilta de yon batay pou destabilize peyi a depi sou Jovnel. Moun kap dirije depi Kek tan yo, se moun ki genyen batay LA Soul pep LA, pa sou jovnel non sou tout ayisyen. Jodi a se blan an ki gen dènye mo tout pouvwa Donk tout moun ki LA a e depi sou batay kont jovnel LA, ap travay pou blan an. Li fasil pou konprann paske esklav sa yo pa ka konstwi, yo jis ka detwi pou ede etranje. Si dirijan w yo pa bezwen w pou yo pran pouvwa Donk ou pa ka panse yap travay pou ou"
Se deklarasyon zofolo, ki pwomet lap soti yon liv sou sa li rele leta demon pou elsplike pep LA reyalite lap vin la. Yon liv nap tann ak enpasyans pou n konprann posisyon mesye zofolo sou reyalite peyi a.
Lè tout moun reaponsab, pa gen reaponsab vre, yon antrepriz echwe lè responsab yo ap tolere eskiz. yon vrè lidè pa cheche konn ki yes pou li blame, li korije system lan. Yin move anplwaye sa ekziste men 10 move rezilta afile se tj yon pwoblèm direksyon.
Sispann bat bravo, se pa tu anplwaye ki fè bwat la echwe men move DIRIJAN.
Mesye gaz la chè, nap toufounan pep la epi li pa bon, nap kraze machin malere ankò?
Ti echwe yo, etenel pedan yo. Se yo ki nan pouvwa a.
Le diable c'est bien l'occident.
Gen yon zanmi ki di nou" Sel fason ou ka libere peyi sa a, se bay yon gouvènman yon manda pou refòme fonksyon piblik la.Peye e Revoke tout moun net apre fè konkou.Vrè gang yo se nan bwat leta a yo ye. Moun Kap travail nan leta dwe, patriyot, onet, konpetan e kalifye. Twop enkonpetan e visye nan bwat leta yo, Souvan moun Kap travay yo, se yo, responsab San diyite fè revoke paske yo pa nan konfyolo gang yo e moun ki ap revoke a se pou l ka mete moun pa li. Nan leta moun pa al travay, yo al defann pewol, djob yo se siveye rapote, yo sou travay selman lè gen yon nouvo chef e kon yo fini pa wè chef la pa sou anyen tou, yo pa bal regle anyen pou yo ankò.. Se yon sek visye, youn makònen ak lot, youn sipòte lot, si gen youn ki onet, Yap mete ansanm pou eliminate l. Se nan leta a ki gen bon viv ansanm lan, se pou ULCC fè anket, plis sou fonksyonè Kap achte materyel ak fasilite vye kontra"
Wow
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Site Web
Adresse
Port-au-Prince