Konsaj

Konsaj

Partager

19/09/2022

*Lanmou pran kou*

Epizòd 5

Ekri pa *Dadoo Sage*

💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹

Lavi di w ann ale san l pa di w ki kote l prale ak ou men si w gen yon bagay nan men w li paka fè w nenpòt bagay poutan Lanmou limenm di ann ale e menmsi w te gen tout sa k te ka egziste nan men w li p'ap menm pran w pou twal pye, l'ap fè w sa l vle.

Dafka se yon bel grenn demwazèl, jan timesye yo renmen di l la, yon moun ke Bondye fè ak de men l. Se yon demwazèl ki z**i anpil, li sou katye a pa gen moun ki jan m wè l kanpe ap pale ak pèsonn menm yon jou, sa te rann manman l kòmanse ap fouye zo nan kalalou.

Miyòn : Dafka cheri, vini m pale w.
Dafka : Men mwen wi manmi.
Miyòn : Ban m di w, apa m pa janm wè w ap pale ak yon tigason ni w pa janm di m men youn ki fè kè w bat.
Dafka : Manmi, m pa ko jwenn moun sa 😂😂😂, tann toujou madanm
Miyòn : An pasan m wè Jorèl byen anfom wi, sa w panse ?
Dafka : Jorèl anfom vre wi, men li gen pwoblèm man.
Miyòn : Ki pwoblèm li gen la?
Dafka : M toujou tande kèk moun ap kouri dèyè l pou sant li m panse se manti, avanyè pandan m sot nan mache a m wè l k'ap vini, pou w wè jan m te kontan. Men malerezman, kou n kwaze san m tounen dlo, li gen yon sant ki gwonèg sou li epi bouch li se pa pale.
Miyòn : Bon ou li tifi sa, kilè w ap kite?Sa vle di nan sèl ti kontre yon jou epi w gentan wè l sesi sela.
Dafka : Bon si se vre
Miyòn : Si se konsa w ap fè l, genlè m'ap mouri san m pa grann.
Dafka : M p'ap okipe w tande madanm, premye moun k'ap di entèl endifòm se ou 😂.

Jan nou wè l la se konsa Dafka toujou fè pou nenpòt jenn gason ki eseye pale ak li oswa manman l prezante l.

Manman Andou ki t'ap koute konvèzasyon l te gen ak Antwàn nan santi pitit li a gen pwoblèm, li anvi ede l men domaj li pa fè pyès moun konfyans; menm tèt li, li pa vle anpire sitiyasyon pitit li a, pou tèt sa, li tanmen pwòp ankèt li sou Arya.

Arya leve ak yon kè kontan, depi nan jan l'ap detire ou santi l sot fè yon bèl rèv. Li al ouvri fenèt yo pou kite solèy la rantre. Se yon samdi, li pa gen pil bagay li pral fè, li sèlman chwazi pou l al flannen.
Nan aprèmidi aprè l fin benyen, li mete yon ti wòb karabela ki gen yon desen papiyon ladan ak yon bèl ti soulye nwa bout talon nan pye l. Li kenbe nan men l yon ti valiz mawokinri yo nan men l.

Anndou sou bò pa l, aprè patnè l yo te fin flite grenn misye pou sa l te kite rive l la deside al nan match Resin ak DonnBosko a.
Tòd : Yow Anndou, wè jodi a fò w al gad match la wi.
Anndou : Nou konnen ...
Antwàn pa kite l fin pale
Antwàn : Wi nou konnen w dwe ale paske se ap dènye chans ou pou w pran nimewo demwazèl la, kòman l rele ankò ?
Anndou : Arya
Jòb : Omwen la m konprann ou, si w pat mande l non l nou t'ap montre w.
Anndou : Sa k di w l'ap la?
Amòs : Si l pa vini m'ap remèt ou kòb tikè a.

Tankou nèg yo te nan yon konkou abiman, nèg yo fre pase kola 15. Yo nan machin yo, y'ap woule mizik, y'ap koule tafya.

Dafka limenm, aprè l te fin wè afich match la fou pou l al gade.
Dafka : Manmi, m pral nan match la wi
Miyòn : Ki mirak, m santi pa twò lontan m pral gen bofis.
Dafka : Se nan match m prale wi man.
Miyòn : Antouka, kelkeswa moun ki mande w nimewo w bay li sou kont mwen.
Dafka : M'ap fè sa pou ou, men si yo pa nan gou m m pa nan bay kenn nimewo.

Tony : Blèz, ann al nan match la non
Blèz : M prale, mwen m'ap soti ak yon tigrenn kanmenm wi.
Tony : Tout fanm pou ou sof sila k'ap chita bò kote m nan.
Blèz : Ok bòs.

A swiv..........

*Arya met rad sou li l'ap flannen.*
*Anndou al nan match la paske zanmi l yo di l Arya paka pa la.*
*Dafka fin cho pou l al gade match la.*
*Miyòn mande l pou l bay nimewo l a nenpòt moun ki mande l li.*
*Tony ak Blèz gen yon kondisyon pou match la.*

*Ap gen bagay wi mezanmi.*
*Pa neglije like kòmante ak pataje feyton an paske a 100 like epi 30 pataj m'ap pibliye epizòd 6 la.*

05/09/2022

*Lanmou pran kou*

Epizòd 3

Ekri pa *Dadoo Sage*

💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹

Aprè anpil tan ap frape pòt la san l pa tande vwa Anndou, matant lan deside al pran kopi kle chanm nan pou l ka wè sa Anndou genyen. Lè l rive, li jwenn sitwayen an kouche jan manman l te fè l atè a.

Jou ap pase, mwa kòmanse ap file. Anndou oblije pase tan l ansanm ak zanmi l yo pou retire strès lakay li.

Menmjan pandan nan yon zòn solèy ap ranje kabann li pou l kouche epi nan yon lòt li fenk ap detire ebyen se konsa l te ye pou Anndou

Tòd : Yow Anndou, m pa konprann ou menm non, pa di se ak Ariyòn w'ap panse la non
Amòs : Sonje m te gentan di w depi w damou, ou kaka
Anndou : Mesye lè n nan plas mwen n'a konprann
Jòb : Sa nèg yo di w la se vre wi Anndou. Wè mwen, m poko wè fanm k'ap fè m damou
Amòs : Bondye di yo renmen y'al damou. Anpasan, m wè Janèt ap vin anfom chak jou wi mesye
Tòd : Manzè pa mal vre non
Anndou : Epa tifanm ki ret

Pandan Anndou ap pale konsa, men Janèt k'ap vini men lòt mesye yo poko wè l

Jòb : Sa k pran misye la, men bwat pawòl li fini kounya; pa di m se Ariyòn ki koz sa toujou
Anndou : Non mesye, se Janèt
Janèt : Nou poze nou la timesye?
Amòs : Wi bèl demwazèl
Anndou : Mennen m avè w non La Belle.
Janèt : San pwoblèm Mon Beau.

Mesye yo ki t'ap swiv sèn nan sezi pou de rezon, premyeman Janèt pa t janm konn salye yo, dezyèmman Anndou pa nèg ki janm dakò lè y'ap fè jan de aksyon sa yo.

Jou t'ap kouri, preske gen ennan depi Anndou ak Ariyòn te separe. Chak jou ki pase Janèt ak Anndou ap pi damou.

Amòs : Mesye nou pa wè jan Anndou ap damou la, se kòmsi l pa t janm konn sa k rele renmen an wi ak Ariyòn.
Tòd : M santi manzè ap fè l pi mal
Jòb : Pa di m se rayi w rayi nèg la la non.
Anndou : M panse se patnè m ou te ye wi Tòd.
Tòd : Sèl sa m konnen, grann mwen toujou pale ak mwen e l di m manzè gen pou l fè kriye.
Amòs : Te kwè w di grann ou mouri.
Anndou : Ou pa wè se tafya ki monte nan tèt li.

Pwovèb la di si m te konnen toujou dèyè, si Anndou te konnen pito l te tande Tòd.

Yon lendi maten, pandan nèg yo ap pran plezi yo, y'ap trip, w'ap desann alkòl panda y'ap manje bon jan bannann fri ak yon taso ki gen bon piman.
Amòs : Mesye sa n panse si n tou rive nan “Ankachét” nou pa janm konnen nou ka jwenn kèk bon grenn wi.
Anndou : Mwens mwenmenm mesye.
Jòb : Ou pè pou w pa twonpe Janèt.
Tòd : Nou pa nan fòse nèg la, depi l mennen nou epi l vin chèche nou sa n ba l pote pou nou.

Vrèman, Anndou mennen nèg yo ale. Pandan l'ap raze machin li, li wè Janèt men nan senti ak yon nèg ap rantre nan “Ankachèt” la.
Li desann machin nan anvan nèg yo.
Amòs : Epa misye ki te di l p'ap rantre a

Rive anndan, premye sèn nèg yo tonbe sou li se Janèt k'ap byen pase ak yon nèg. Anndou ki paka kenbe sa l wè a plonje sou mesyedam yo si se pa nèg yo ki te kenbe patnè a te ka al swa lopital obyen nan mòg pou jan Anndou fonse sou li a.

Tòd : Sa k pase w la, pa vin fè lèd la non, m te gentan pale w.
Anndou : Mesye, m pa gendwa janm renmen ankò, m pa nan pale ak fanm.
Amòs : Antouka frè, si m ou m tou retire kè m.

Fen pase Anndou

A suiv...

Kounya nou konn sa k te pase Anndou, pa neglije like, kòmante ak pataje feyton an paske sa pral chofe.

01/09/2022

*Lanmou pran kou*

Epizòd 2

Ekri pa *Dadoo Sage*

💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹

Yon tikal nan pase Anndou

Solèy la ap monte ak tout fòs dèyè mòn yo, reyon l ap chèche espas pou fofile anndan kay yo. Anndou fenk leve nan dòmi l'ap detire tankou koulèv ki pran nan dlo cho, l'al ouvè fenèt yo bay solèy la ki te enpasyan pou antre.
Anndou voye je l sou kabann nan li wè yon papye, li pran l pou l li mesaj sa ki ladan.
« Anndou, mwen te toujou di w ke mwen renmen w, men lanmou pa mache san lajan. Se vre ou gen yon ti degaje, men mwen gen tout fanmi m sou kont mwen, mwen pa vle ba w twòp chay. Mwen espere w ap konprann mwen.»
Anndou ki te gentan ap kontanple bote lanati vin tankou yon flè van ak solèy dechalbore, figi l blaze yo sèl kou, li oblije lage kò l sou kabann nan paske sevèl li pa reponn. Yon larivyè dlo ap koule nan kè l pandan lespri l tou nwa ak kawotchou manifestasyon remò ak kòlè k'ap boule pasipala
Menm kote a li pran telefòn li pou l rele Ariyòn
Ariyòn : Alo b
Anndou : Beb, sa w fè m la?
Ariyòn : Kòman w ye Anndou ?
Anndou : M ret kwè ou gen repons lan
Ariyòn : Di Bondye mèsi paske m fè yon byen pou ou
Anndou : An, ou rele sa byen?
Ariyòn : ...
Anndou : Ou te konn w gen yon bagay konsa pou w te fè se sa k fè yeswa ou t'ap ban m lespwa
Ariyòn : Anndou cheri se pou byen w
Anndou : Bon vwayaj

Anndou ap fè lèsanpa nan chanm nan, l'ap modi jou sa li te rankontre ak Ariyòn nan, l'ap sonje sa patnè l la te di l la.
Tòd : Anndou frè pa m, m pa di w pa renmen nan vi w non, m'en kite m di w, “Depi w damou, ou kaka”.

Mo sa yo ap fè eko nan zorey li, li oblije monte kabann nan pou l pa kontinye fè dega nan chanm nan.

Anndou, yon nèg depi l met tèt sou kabann li gentan ap wonfle, t'ap chèche dòmi ak balèn jou sa. Kabann nan tounen yon mizè pou li, li paka ret anpè. L'ap panse ak tout bèl moman sa yo li te konn ap pase ak Ariyòn, l'ap panse ak jan yo te kouwè de ti pijon, jan yo te enseparab.

Pandan Anndou ap chèche jwenn sa yo rele dòmi an tankou chen fou, zegwi pa sis pann fè wonn nan rèv yo. Yon lòt ki kote, Ariyòn kouche sou lestomak Maryo ap wonfle pandan Maryo limenm ap karese cheve l, l'ap di
Maryo : Podyab Anndou, li pa fè anyen ki merite sa, men se konsa lavi a ye, kenbe sa k nan men w pou pèsonn pa pran l.
Se konsa lè ap t'ap file.

Li te gentan 10h lè matant Anndou al frape pòt chanm nan pou fè l konnen li pa la, men malerezman tout frape matant lan frape li pa tande vwa Anndou.

Kisa k pase la?
Ou kwè Anndou ta vin fè lach bonè konsa ?

A suiv ....

*Pa ezite like, kòmante ak pataje feyton an.*

29/08/2022

*Lanmou pran kou*

Epizòd 1

Ekri pa *Dadoo Sage*

💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹

Anndou ak tout pwoblèm li rantre nan yon ba l'al bwè pou bliye sa k sot pase a. Pandan l chita l'ap vide alkòl desann je l tonbe sou Arya, yon demwazèl ki toujou vin pran brek nan ba sa. Menm kote a tout pwoblèm li vole, li bliye si l te di l p'ap janm pale ak yon fanm, men kounya tout sa k nan tèt li se pwoche bò Arya.

Anndou: Bonswa bèl demwazèl
Arya : ???
Anndou : Yon bèl moun tankou w, poukisa m salye w ou pa reponn?

Arya pran pòz pa konprann se avèl Anndou ap pale a men malgre sa Anndou pèsiste.

Anndou : Ou fè kòmsi w pa wè se avè w m'ap pale a, daprè ou ki lòt bèl moun ou wè nan bar sa aprè ou ?

M pa bezwen di w kòman ti pawol sa dekonstonbre lespri Arya, lamenm tout rezistans oblije kaba, li dekroche yon souri pou l reponn
Arya : Bonswa mesye
Anndou : Gad yon bèl souri ou t'ap fè m pèdi, menm lanati rejui pou souri sa

Si yon moun ap byen gade l'ap wè je Arya ap fè papiyon, li vin san mo, san vwa.
Anndou ki gentan wè pawòl li fè efè sou Arya mande l pou l fè yon ti chita bò kote l la.

Anndou : Èske m ka fè yon ti chita bò kote w la SVP
Arya : Wi ou kapab
Anndou : Mèsi paske w kite m chita
Arya : Pou yon moun saj tankou w, poukisa w chita ap bwè konsa ?

Anndou pat atann li ak yon kesyon konsa, li fè yon ti souri pou l ka gentan imajine repons lan.

Anndou : Yon ti pwoblèm mantal
Arya : Yon moun tankou w pa di m ou fou

Yo toude tonbe ri😂😂😂

Anndou : No, se pa jan w panse l la
Arya : se te jis yon plezantri
Anndou: Dakò
Arya : Poukisa w gade m konsa?
Anndou : O ! Dezole m jis ap admire yon bèl bote.
Arya : Hmmmm, ou rann mwen timid
Anndou : M tèlman ap kontanple w mwen menm bliye prezante m, non pa m se Bèlavanti Anndou
Arya : Mwen se Sayira Arya
Anndou : Bèl moun, bèl non
Arya : Mèsi flannè Pòtoprens

Pawòl sa fè Anndou tounen sou tè, li fè l sonje sa k te mennen l nan bar sa, tout move souvni yo monte nan lespri l, lamenm figi pèdi fòm. Aria ki remake sa tou pran pretèks lè a pou met fen nan konvèzasyon an.

Aria : M'ap oblije deplase wi paske lè poz mwen fini.

Anndou ki tèlman domine pa vye souvni l yo pa menm wè si Aria ap pale ak li. Lè l vin rann li kont de jan l sot aji a, remò anvayi l e sa fè l vin bwè plis ke jan l t'ap bwè a.
Aria sou bò pa l rive nan travay li, hmmm se vre nou pa t mande m koze men sa m paka pa di nou li, li tèlman ap panse ak bèl ti fraz Anndou t'ap di l yo, lòlòj li chavire. Menm travay li paka travay byen ankò tèlman li domine, l'ap poze tèt li kesyon sa k'ap pase la.

*Sa k'ap pase Anndou ak Aria la?*
*Kisa k te mennen Anndou nan bar sa la menm?*

A suiv ..........

*Pa ezite like, kòmante ak pataje feyton an.*

10/08/2022
06/08/2022

😀😀😀

Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Adresse

Port-au-Prince