Consultation Gratuite
29/09/2024
Con Rose Lumane Saint-Jean – ¡Me acaban de reconocer como uno de sus fans destacados! 🎉
27/06/2022
Èske nou pè fè koze?
Kote bann ti pòv ayisyen ki kwè yo rich yo, al pran bann kòb nou gen nan peyi etranje yo, mete plizyè santèn milya dola ansanm epi kreye yon sosyete anonyme. Chita ak Leta konsa yo ka deklare Matisan itilite piblik
Nou tap konstwi bèl grastyèl ak bèl plaj , nou tap ka vann ak lwe appartement a yon pri abòdab epi fè bèl Hotel
Yon lòt kote Leta Haitien te ka tou profite kreye yon sit ki vo 20 fwa channmas, kote pil gratsyèl sa yo ta pral plante an, epi tap konstwi wout anlè ak wout pou metro.
Aprè eksperyans Matisan an ki ta ka reyalize nan yon 3 à 7 ans, nou tap fèl pou Cité Soleil
Croix-des-bouquets limenm nou tap kraze li nèt epi nou fè jaden ladann,
Modèl kote nou mete yon bann plas ansanm, menm dominiken yo pa genyenl, se mèvèy ekstraòdinè channmas la ye. Si nou ta rive aplike yon politik konsa li tap gen yon enpak dirèk sou ensekirite a nan tout peyi a paske tap gen travay.
Malere kap lwe kay pou 4 a 6 mil us pa ane yo tap ka achte yon apatman, moun ki pi ba yo tap ka lwe yon aptman pou yo rete.
Epi estrikti fizik zòn lan tap kwape delenkans,
Lè nou ta fin kraze Bèlè nou mete p*s espas vè ak pil gratsyèl pou pi piti 20 etaj epi nou konstwi wout anlè ki pou travèse tout Pòtoprens, epi nou kreye yon kapital san blokis
Epi nou desantralize action sa yo kote nan adopté yon enstriman jiridik ki pale de sa, kote nou entèdi popilasyon an bati jan li vle ak kote li vle. Haïti tap vin pi bèl peyi sou latè!
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Site Web
Adresse
Port-au-Prince