Lesner

Lesner

Partager

Photos from Lesner's post 03/05/2026

Ayisyen ap fin mouri nan manje vye bagay

Chak gen yon Ayisyen ki mouri ou souvan tande yo di w se djab ki manje l men reyaltite a pa sa ditou.
Nou mouri paske nou manje twòp grimas,nou manje tout sa ki pa bon sou pretèks pou lafen pa touye nou men se menm manje sa yo kap touye nou tikras pa tikras.

Kòman ou kapab konprann ke yon diri ale ranmase yon pakèt vye diri tou pouri,mwazi, kanni nan peyi Pakistan pou anvayi mache Ayisyen an epi lè ajan Dwànye yo fè enspeksyon yo wè diri yo pa bon,yo fè rekòmandasyon pou detwi vye diri sa yo,avèk gran etònman gran nèg sa yo ap fè presyon sou moun pou diri yo debake ?

Li pa posib pou yon pèp genyen tout gwoup moun sa yo kap detwi l. Lè se pa nèg kap fann tèt Nou ak bal se enpòtatè,gwo komèsan kap chèche touye nou nan sa nap manje.

Li lè pou n pran desten nou nan 2 men pou Nou retire espwa vant nou nan men grannèg enpòtatè kap chèche pete fyèl nou. Se pou nou rasanble ansanm pou n bati yon avni miyò pou tèt nou ak pitit nou. Si Leta a pap pran responsabilite l,nou menm ki se jèn, dyaspora,granmoun,elatriye nou dwe mete nou ansanm pou nou pwodui manje nan peyi nou,pou n fè envestisman nan transfòmasyon, kondisyònman,distribisyon pwodui alimantè.

Ou pa ka kite vant yon pèp sou kont agrikiltè ki pa gen mwayen pou l travay, ki pa gen yon nivo edikatif ki avanse,ki pa gen ase konpetans pou li vini ak pratik agrikòl ki nouvo. Lè w fè sa konsa, se plis pase 5 milyon moun ou kite nan grangou, se sèlman 45% moun nan popilasyon an moun sa yo ki pa menm ase konpetan an fè jan yo kapab pou yo bay manje.
Li lè li tan pou nou konprann ke nou pa ka ap kontinye ak menm pratik ansyèn yo. Si an 1980,pratik agrikòl yo te arive pèmèt ke nou pwodui manje pou satisfè 80 % popilasyon an,jounen jodia (50 lane aprè) menm pratik yo patap janm ka pèmèt nou arive satisfè menm pousantaj moun lan.

Pou w gen devlòpman yon peyi,li mande patisipasyon sektè prive, sosyete sivil ak Leta a. Chak aktè sa yo dwe jwe wòl yo kòm sadwa.
Fòk nou rele chalbare dèyè dechèpiyè yo ki vle touyepopilasyon an.

Lesner EDOUARD

02/01/2026

Au Brésil, une vache de race Nelore, surnommée "Viatina-19 FIV Mara Imóveis" est devenue la plus chère du monde après avoir été vendue aux enchères à Arandu, São Paulo, le 28 juin 2023, pour plus de 4,3 millions de dollars. L’animal, âgé de quatre ans et demi au moment de la vente, a été acquis par un consortium d’éleveurs en raison de sa grande valeur génétique, garantissant une descendance avec des caractéristiques physiques et une résistance supérieures.

Cette transaction a établi un record historique sur le marché de l’élevage, soulignant la valorisation économique du matériel génétique bovin.

Crédit: Upsomedia

30/12/2025

Klike nan lyen saa,wap jwenn paj 433womenfc a. Vote Melchie Dumornay. Vote anpil. Paske anfas la se yon gwo advèsè. Li genyen 3 dènye balon dò yo. https://www.instagram.com/433womenfc?igsh=c25wMWZxeXByN3Nz

Vote Melchie🇭🇹

27/12/2025

Ou souvan mande ki kote dlo pase li antre anndan kokoye, ou poko gen repons la?
Nan pwochen video kap pibliye sou paj saa se sijè sa Nou pral trete.
Abòne pou w pa pèdi l.
Pataje l ak yon zanmi w pou l pa rate l tou.

Vous voulez que votre personnage public soit Personnage Public la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse

Port-au-Prince