Jo-Slam
20/05/2025
♥️*L'amour d'une prostituée*♥️
*Écrit par*: Jonathan J.B
*Pa Neglije kontakte nou*
*Contact* :+50947246233
*Facebook* :Jo-Slam
*EPISODE 54*
*Manbo a* :si se sa, se yè yo demarel
nap ka jere sa!
*Cassandra* :evre!
*Manbo a* :paske lap bezwen 3 oubyen 7 jou poul nan nòmal li nèt!
Si nou aji rapid nap gentan jere sa!
*Cassandra* :ebyen kisa wap fè matant chr!
*Manbo a* :voye kòb machin pou mw, demen maten bò map rive sou ou, pou nou jere sa
*Cassandra* :sou moncash?
*Manbo a* :wi!
*Cassandra* :m pral fè yo voyel kounyea pou ou!
*Manbo a* :ebyen ok!
Ou poko di Joseph sak kap pase a non
*Cassandra* :non!
M poko dil anyn e mw pa anvi dil tou!
*Manbo a* :demen tout bagy ap chita nan plas yo!
*Cassandra* :ebyen ok!
Ak kilè ka vini!
*Manbo a* :map deplase bonè!
M ka rive bò zòn 10h yo!
*Cassandra* :ebyen ok matant chr!
Map lèsew, m gen yon bagy m gen poum al fè!
*Manbo a* :demen map relew lèm ap deplase!
*Manbo a* :ok matant!
MOUN TE RAKROCHE
NAN YON LÒT BÒ TOUT MOUN TE CHITA AP PALE
*Robenson* :li gen 2 sekirite lakay li a sèlman!
*Kensia* :sekirite yo konplis daprè ou!
*Robenson* :Non, m pa kwè yo konplis non
*Kensia* :sèlman 2 sekirite li genyen nan lakou a!
*Robenson* :li gen te yon Jeran tou
*Kensia* :li pa gen sèvant?
*Robenson* :non! Li konn peye moun pou vinn fè netwayaj pou li
Men li pa gen yon sèvant pèmanant!
*Kensia* :ebyen ok!
*Steeve* :demen nou panse lap lakay li!
*Kensia* :m pa konnen
*Steeve* :ou konn si nou fè kou rate, nou pa janm gen posibilite pou nou met moun sa yo anba kòd ankò
*Stéphie* :m panse lap lakay li a, map fè yon mwayen pou Wendia fèl rete!
*Christine* :se ak kilè opération ap fè?
*Steeve* :sa ap rete konfidansyèl antre mw Kensia epi lòt polisye kap nan operasyon an
*Stéphie* :si nou pa konn lè nou pap ka fèl rete laky li!
Kensia* :10h 30 nou sipoze debake lakay li a!
*Stéphie* :ok!
*Kensia* :men aprè nou, pèsòn moun pa sipoze okouran de anyen!
*Stéphie* :fòk Wendia konnen!
Se li pral asire nou ke Cassandra ap lakay li!
*Steeve* :ou fè Wendia ase konfyans?
*Stéphie* :Wi!
*Kensia* :ok!
*Christine* :se pou papam!
Paske nou di nap mete moun tout ki lòt bò anba kò!
*Steeve* :eske papaw pa konplis nan mitan tout sakap fèt yo!
*Christine* :non! Li inosan!
*Steeve* :si li inosan janw pretann li an!
Kòman fè se nan kan Cassandra li ye, li kite manmanw
Sûrement se paskel gen yon rol li jwe nan tout sa kap fèt yo!
*Mad Walner* :Walner te pran nan yon ti voudra!
*Steeve* :nan kisa pran?
*Christine* :nan ti voudra!
*Steeve* :kisa ki tivoudra a?
*Kensia* :ebyen ou pa ayisyen ?
Se mare Cassandra genlè marel!
*Steeve* :ki enterè Cassandra ap genyen nan mare yon pèsonaj, si aje
*Robenson* :se yon long istwa!
Se mw menm li te bezwen mare, men malerezman se papam ki pran ladanl!
*Steeve* :Cassandra sa tròp pou moun!
Men li nan obligation pou papa nou pran kòd
*Christine* :(sezi)kisa?
*Kensia* :wi Christine, Surment papaw konn anpil dosye apropo de Cassandra
*Christine* :li pa konn anyen, papam pat gen bon sans li!
*Steeve* :li gen bon sans li kounya?
*Mad Walner* :wi, m te...
*Robenson* :(koupel sou pawòl li) Manmanl te gentan kontakte yon moun anprovens poul jere sa!
*Kensia* :sa poko jere!
*Robenson* :li preske!
*Kensia* :Christine papaw pap rete nan prizon, depil pa konplis!
Men nap oblije marel tou!
*Stéphie* :Walner inosan
Eseye jere sa kouz!
*Kensia* :ya! Pa enkyetew nou
Eske nou pa okenn enfòmasyon pou nou ankò
*Robenson* :m pa kwè non
*Kensia* :Ebyen nap tou pa rete wi
*Robenson* :ebyen ok!
Nou te trè kontan!
*Kensia* :nou menm tou!
Nap pale, sDv
M poko konnen, m ka pase la!
*Christine* :nap tann ou kòmandant
MOUN TE KOUTINYE TI PALE JISKAKE 2 KÒMANDAN YO ALE, NAN PITA NÈT STEEVE TE BAY WENDIA RANDEVOU YON KOTE!
WENDIA TE KANPE AP TANN LI, LI PARÈT SOU MACHIN, LI KANPE KOTE WENDIA TE KANPE A
WENDIA OUVRI POT LA EPI LI KANPE, LI POKO MOUTE!
*Steeve* :moute non!
WENDIA LONJE MENL!
*Steeve* :quoi?
*Wendia* :lajan dabò!
*Steeve* :ou serye la?
Ou pa fèm konfyans ase pwen!
STEEVE RALE YON ANVLOP LI BALI!, WENDIA MOUTE MACHIN LAN
*Wendia* :ki kotem konnenw poum ta fèw konfyans lan!
E anplis m pa fè pèsòn gason konfyans sou ti bout tè sa!
WENDIA TE DEKACHTE ANVLOP LA POUL KONTROLE KÒB LA
*Steeve* :Li kont...
*Wendia* :se saw di, men fòk mw konfime ak jem!
*Steeve* :pa bliyem se yon ajan de polis
*Wendia* :lèw dim sa, poukisa?
*Steeve* :se wi ak non mw genyen!
WENDIA RI
*Wendia* :(ironi) banm riw!
Bon se nou menm ki pi pa serye!
*Steeve* :m pa konn pou lòt ou konn rankontre yo
Men mw, m diferan!
*Wendia* :diferan nan kisa?
*Steeve* :diferan, diferen nan tout sans!
*Wendia* :se sa!
Sûrement ou gen madan ou lakay ou la, ou kite kouche ou di wap rete fè de nwi
Pandan ou nan rout pou al nan yon otèl ak yon bouzen!
STEEVE GADEL TAN, LI PA DIL ANYEN!
*Wendia* :sak dròl nan bagy la, ou ka sezi wèw kite madanm ak piti ou san manje pou ka peyem pou yon nwit!
*Steeve* :siw vrèman sansib pou madanm mw ak pitit mw yo konsa remèt mw kòb la!
*Wendia* :bonw pa sansib pou yo!
Epi se mw ki pral sansib pou yo pou ou!
*Steeve* :pou enfo! M pa gen ni mandanm, ni pitit!
Dezyèm se pa nan otèl m pral avèw se lakay mw!
*Wendia* :kòman lakay ou a!
Ou pat dim sa!
*Steeve* :pouki rezon poum peye yon otèl pandan lakay mw vid!
*Wendia* :paske li nòmal pou mennenm nan yon otèl!
Paskew gen yon repitasyon pou jere!
*Steeve* :ki repitasyon?
Ou plis sansib pou repitasyon ke repitasyon paw!
*Wendia* :m pa anyen!
Ou se yon gran ajandpolis
*Steeve* :kòman ou pa anyen ou serye nan sa wap di a!
*Wendia* :wi, m se yon senp bouzen
*Steeve* :si se yon senp bouzen, sa vle pa anyen poutèt sa?
*Wendia* :ok! ann kite sa!
*Steeve* :ok!
2 MOUN TE FÈ NENPÒT 5 MINUT SILANS, LEN PA DI LÒT ANYEN, JISKASKA YO RIVE
STEEVE TE DESANN LI OUVRI POT MACHINN LA POU WENDIA, YO ANTRE ANDAN KAY LA
STEEVE METEL CHITA
*Steeve* :se kisa wap bwè?
*Wendia* :yon byè svp!
Siw genyen
STEEVE TE PRAN BYÈ LI LONJEL BA LI!
*Wendia* :kay ou a vrèman bèl?
*Steeve* :merci
*Wendia* :ou vle fèm kwè pa gen okenn fi kap viv nan kay sa janl byen ranje la?
*Steeve* :yon gason paka ap viv pou kòl pou kay li byen ranje!
*Wendia* :m pa di sa, men majorité nan nou se salòp nou ye!
*Steeve* :ebyen m fè pati de minorite a!
*Wendia* :se sa?
*Steeve* :kite al fè yon ti benyen, ou konnen se nan travay m sòti
Epi te tou pase dèyèw!
*Wendia* :ok
*Steeve* :ou mèt alèz kòw wi!
*Wendia* :pa enkyetew, m gentan alèz wi!
Ou se marim pou nwit
*Steeve* :(souri)m byen kontan!
STEEVE TE ANTRE NAN DOUCH LI, LAL BENYEN
NAN YON LÒT BÒ, ROBENSON TE KOUCHE LAKAY STEPHIE A
TÈT STÉPHIE TE SOU LESTOMAK LI
*Stéphie* :m telman kontan chr!
*Robenson* :pks?
*Stéphie* :demen sDv tout problème pral rete dèyè nou!
*Robenson* :wi wi bby!
*Stéphie* :sèl bagy antrepriz lan kap rete pou nou regle!
*Robenson* :bagy sa preske finn regle tou!
M gentan di avoka papam lan pap travay pou antrepriz la ankò non!
*Stéphie* :kisal diw?
*Robenson* :li te di li pap travay avèm, se ak Papam lap travay
Moutrel papam pa gen okenn aksyon nan antrepriz la ankò!
*Stéphie* :saw dim la moutrel sa?
ou poko palel sou lòt dosye yo!
*Robenson* :non! Bby!
Menm konnen depi Joseph tande sa lap vinn ayiti dirèk!
*Stéphie* :map kontan pou tout bagy fini!
*Robenson* : dpi tout bagy sa yo fini
Map prepare yon sipriz pou ou bby!
*Stéphie* :kisa?
*Robenson* :sim diw li, li pa yon sipriz ankò!
*Stéphie* :ebyen m pa byen avèw!
*Robenson* :m pa bzwenw byen avèm si se pou sa!
*Stéphie* :pou jis lèw banm sipriz lan wi!
*Robenson* :sa pa fè anyen!
*Stéphie* :ou pa jwenn anyen tou non!
*Robenson* :map reziyem!
*Stéphie* :ou menm sa ou ta ka kenbe!
M tap fè esprem m anmègdew pou bwa rèd chak jou poum wè siw tap ka genbe vre!
*Robenson* :m patap vini la!
*Stéphie* :m tap pral lakay ou!
BonDye fè manmi pa gen problèm avèm ankò!
ROBENSON RI!
*Stéphie* :an jwèt konsa jiskaprezan m santim jennen lè manmanw la wi!
Malgre m wè lap eseye metem nan pom...
*Robenson* :manman se yon moun konsa li ye
depiw fèl yon bagy li diw li padonew, se kòmsi tou bliye tout bagy!
*Stéphie* :hmmmm... Antouka
*Robenson* :ou mèt cool, nou gen pou nou vinn alèz!
*Stéphie* :m swete sa!
Ey... Eskew panse li lap padone Walner
*Robenson* :m pa konnen... Papam vrèman blesel!
*Stéphie* :m ta swete aprè sa vini, pou tout fanmiw retounen jan yo te ye a!
*Robenson* :swete sa
Pou mw menm avèw ap jwi lanmou nou
*Stéphie* :(souri) pou Christine ak Woody ap jwi lanmou yo!
*Robenson* :m pa konnen, Christine toujou di li pap atidye an ayiti!
*Stéphie* :ou pa janm konnen, li ka chanje ide!
*Robenson* :ou konnen koulout fè fanm chanje lide yon ti moman!
*Stéphie* :menm jan bouboun fè gason chanje lide a tou!
*Robenson* :se bouboun ou ki fèm chanje lide bby!
STÉPHIE TE GEN YON TI KOLAN SOU LI, ROBENSON MET MENL SOU BOUBOUN LI, LI FÈ TI BEZEL!
*Stéphie* :Kisa wap peze konsa?
Bon esim pran pa law, m peze konsa tou!
STÉPHIE VINN POU MANYEN GRENN ROBENSON, LI VIRE LI PA KITE STEPHIE MANYENL!
*Stéphie* :fòk ou kitem pranl, kot saw pè a?
*Robenson* :yon lougarou ou ye!
*Stéphie* :m manje piti ou deja!
*Robenson* :apaw vinn pou kenbe 2 pitit mw yo!(Souri🙂)
*Stéphie* :gade yon bèl ti bagy bonDye bay fanm, epi nou menm gason li ba nou yon vye bout bagy kap pandye
*Robenson* :ki sak ki bèl lan?
Ou pa konn gadel lan miwa, yon bagy ki ka fè moun pè wi!
*Stéphie* :epi nap fou pou li, e nou menm prè pou nou touye gason paryè nou pou yo!
*Robenson* :(souri)li ka pa bèl, menl dous
*Stéphie* :ki gou yo genyen konsa?
*Robenson* :(souri) li gen gou siro myèl!
*Stéphie* :BonDye dezòd wi!
Gad sal mete sou tè a, poul fè nou fou
TOU 2 MOUN YO TONBE RI, NAN YON LÒT BÒ CHRISTINE TE KOUCHE NAN CHANM LI AN EPI MANMANL PARÈT KOTEL!
*Christine* :(nan telf) Map pale avèw talè cheri
Manman vinn kotem!
EPI LI RAKROCHE TELF LAN, MAD WALNER MANYEN KOUL POUL WÈ SIL GEN LAFYÈV
*Christine* :poukisaw manyen koum lan manmi?
*Mad Walner* :Robenson dim depiw yèw malad!
*Christine* :wi, m te santi yon ti fyèv!
*Mad Walner* :(souri)ou sòti ak ti gason yè, ou malad!
*Christine* :pks, se sa nou tout panse!
*Mad Walner* :paske nou tout te pase pa la!
*Christine* :(souri) Robenson te pase pala tou?
*Mad Walner* : Robenson se gason li ye, lap konprann tout bagy
Se youn nan rezon ki fèl pat vle kitew ale a!
*Christine* :hmmmmm
*Mad Walner* :(li gadel fiks) m te gentan konnen se saw tap pral fè?
*Christine* :kisa?
*Mad Walner* :pa fè sòt ou kontre ak lesprim!
*Christine* :se poukisa ou te kanpe afas Robenson, poul te kitem ale?
Si te gentan konnen!
*Mad Walner* :E ki rezon! M tap genyen poum pa kitew ale?
*Christine* :m pa konnen !
*Mad Walner* :ou pa ti moun piti ankò chr
Ou gen pou pran tout dezisyon ou vle ak laviw, paske tout konsekans yo se kap genyen pou sibi yo!
*Christine* :ki konsekans manmi!
*Mad Walner* :tout chwa fè nan vi an gen konsekans li, kit konsekans lan positif, kit konsekans lan négatif !
*Christine* :anh konnpran
Woody renmen manman, e renmenl tou!
*Mad Walner* :m pa doute de lanmou ou gen pou li a!
*Christine* :ou doute de lanmou li gen pou mw an!
*Mad Walner* :m pa konnen li ase byen poum doute kwakeseswa de li
Antanke mè, toujou bay lanmou ak rezèv pouw pa desi pi devan!
*Christine* :wap fèm doute manmi!
*Mad Walner* :m pa diw anyen pouw doute, m pale avèw antanke manman w chr
Ou konnnen se bonè kap toujou priyoritem ou, kelkeswa moun kap fèw sou souri map kontan!
*Christine* :(souri) ou pap kontan ak moun ki banm lafyèv la?
*Mad Walner* :(souri)li baw lafyèv pou ka fèw kontan pi devan!
*Christine* :eskew renmenl manman?
*Mad Walner* :kiyès!
*Christine* :pitit gasonw?
*Mad Walner* : Robenson?
*Christine* :se 2 pitit gason ou genyen kounyea wi!
Robenson plis Woody !
*Mad Walner* :m pa renmenl
*Christine* :(desi) pks manman?
*Mad Walner* :m pa renmenl
Paskel bay pitit fim lan lafyèv!(Ri😂)
CHRISTINE SOURI, EPI BOUCHE JEL!
*Christine* :(bouche jel) se pitit fiw kite vle sa wi manmi
*Mad Walner* :(souri) ou pap mande sa ankò?
*Christine* (souri) non!
*Mad Walner* :al kwèl non!
*Christine* :bagy sa fè trò mal manmi!
*Mad Walner* :lòt semèn lan wap banm nouvel!
*Christine* :(souri)ki nouvel, pral baw la?
*Mad Walner* :pasyans, sèlman proteje tèt ou chr!
*Christine* :wi, map fè sa!
*Mad Walner* :kot Robenson
Li kot Stephie
*Christine* :wi
*Mad Walner* :ebyen banm al repozem
pase bne nuit chr!
MAD WALNER PASE MEN NAN CHEVE CHRISTINE, EPI LI BOL SOU FON!
EPI LI LEVE POUL SÒTI !
*Christine* :Eyy...
MANMANL VIRE GADEL
*Christine* :Manmi merci
*Mad Walner* :poukisa?
*Christine* : Pou tou
Ou se yon manman pafèt
*Mad Walner* :merci tou chr!
Ou se yon bon pitit fi
CHRISTINE SOURI
EPI MANMANL SÒTI!
NAN YON LÒT BÒ STEEVE TE VINN BENYEN LI TE CHITA LAP BWÈ BYÈ AK WENDIA
*Steeve* :tem poze yon lòt kesyon?
*Wendia* :map koutew!
*Steeve* :ki relasyon ou genyen ak Cassandra ?
*Wendia* :m pa gen okenn relasyon ak Cassandra
M te jis ap rann Stephie yon sèvis, poul te ka prèv, se rezon sa ki fè te rantre sou Cassandra !
*Steeve* :eske Stéphie pa janm tranpe nan anyen louch?
*Wendia* :kòb ou banm mw an, se te pou entèrogasyon sa!
Se sak pa janm vle annafè ak polisye!
*Steeve* :m vle protejew Wendia!
*Wendia* :protejem nan kisa?
*Steeve* :an kite sa!
Eseye reponn mw kesyon m pozew la?
*Wendia* : ki kesyon?
*Steeve* :Stéphie pa janm pasipe nan anyen ki louch?
*Wendia* :non! Kòmandan
Stéphie se yon modèl pafèt, Stephie pa sipoze janm nan stil de vi sa!
Erezman BonDye retirel ladanl!
*Steeve* :se pa BonDye ki retirel, se li menm ki gen volonté !
*Wendia* : Volonté sèlman pa sifi!
*Steeve* :e ou!
Kilë BonDye ap..
WENDIA MET MEN SOU BOUCH LI, LI PASE PYEL SOU LI!
*Wendia* :ou pale tròp!
WENDIA KÒMANSE BOL, WENDIA DESANN BOUCH LI NAN PWENT TETEL
*Steeve* :eyyy.... Sssssaaaayyy sa wap fè la?
*Wendia* :pa enkyetew papi ou peye pou sa
STEEVE TE GEN YON SÈVYÈT KI VLOPE KÒL, WENDIA RETIREL!
LI METE AJENOU EPI KÒMANSE S***E POU STEEVE
*Steeve* :Eyy... Talè cheri
Gen yon lòt kesyon enpòtan
*Wendia* :tout kesyon gen pou pozem, wap pozem yo aprè!
WENDIA KONTINYE AP S***EL BAGY LA, APRÈ LI LEVE, LI RALE YON KAPÒT LI METE POU STEEVE, APRÈ SA LI CHITA SOU BAGY LA!
MANZÈ KÒMANSE GOUYE KÒMSI SE VÈTÈ KI PRAN NAN SANN, STEEVE KÒMANSSE FÈ BRI, FÈ ALSIYIS PI PLIS KE YON TI FANM
NAN YON LÒT BÒ MESYE JOSEPH TE RELE CASSANDRA?
*Cassandra* :alo papa?
*M Joseph* :alo Cassandra
*Cassandra* :sak pase poukisaw relem ak lè sa!
*M Joseph* :kote Walner!
*Cassandra* :Li sòti depi talè, m pa kwèl ap rantre non!
*M Joseph* :sak pase!
*Cassandra* :ah! M pa konnen, menm pa renmen jan Walner ap fonksyone nan sa menm!
Se fèm rele matant mw, li di kapab se mare yo demarel!
*M Joseph* :kisaw dim la?
Walner demare?
Kiyès demarellan?
*Cassandra* :se sa matant mw dim...
Demen maten bonè lap vini poul ka jere sa?
* M Joseph* :poul jere kisa?
*Cassandra* :pou ka remare Walner ankò
*M Joseph* :eske nou paka mare Robenson lan pito li menm?
*Cassandra* :depi nou mare Walner nap ka jwenn sa nou bezwen an!
*M Joseph* :bagy yo pi konplike ke jaw te pansel!
*Cassandra* : Koman, sak pase?
*M Josphe* :se talè avoka relem la!
Li dim Walner te gentan pase tout aksyon li yo gen nan antrepriz la sou pitit li yo !
*Cassandra* :kòman sa?
Epiw pa parenn mw pat janm metew okuran?
*M Joseph* :Walner sanble te sispèk yon bagy, li te metel oje
Se yon lòt avoka ki regle tout bagy sa yo pou li!
*Cassandra* :saw dim lan
*M Joseph* :bagy yo konplike!
Sa vle tout moun ki gen dwa nan antrepriz la, se Robenson ak Christine
Walner mete tèt kòm yon senp anplwayè!
*Cassandra* :ebyen kisa wap fè
Fòk nou chache yon solisyon!
*M Joseph* :demen maten Bonè map pran yon vol pou ayiti
Se ayiti map ka jere tout bagy sa yo!
*A Suivre*.....
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.