OSK
20/08/2025
Regwoupman Ansenyan Estajyè (FDSE, ENS, IERAH, FLA, ENGA, CFEF, ENARTS)
Nimewo telefòn: (509) 44676079-39246346/48366253/35485192/32231965
Nòt reyaksyon ak denonsiyasyon sou zak asasina kont yon inosan ak maspinay pwofesè sou responsablite Dirijan Ministè Edikasyon Nasyonal yo
Pòtoprens, madi 19 dawout 2025
Nou menm, Regwoupman Anseyan Estajyè yo ansanm ak plizyè sektè vivan nan sosyete a, resevwa kominike pou laprès MENFP a ak anpil kòlè ak fristrasyon, paske li evite nannan pwoblèm lan epi li refize asime responsabilite li nan zak ki lakòz lanmò jèn Wanderson ZAMY, 19 lane, ki sot fè egzamen li.
Li pa sifi pou nou santi doulè, di nou kondane, epi senpatize ak fanmi viktim nan. Minis lan ak tout ekip li pa ka jwe sipriz, lè se pwòp sekirite MINISTÈ a ki louvri kout bal sou yon gwoup pwofesè estajyè ki pa t gen zam nan men yo, ki pa t menase pèsonn, ki t ap manifeste pou sipòte yon batay lejitim.
MENFP pa ka retire tèt li nan zak sa. Li pa t sèlman pase nan lari, li te devan biwo Ministè a, e se sekirite ministè a ki tire. Poutan, 24 èdtan pase, pa gen okenn aksyon kont otè zak sa a, pa gen arestasyon, pa gen sanksyon, pa menm gen rekonesans responsablite gouvènmantal.
Nou denonse yon kominike frèt, politik, san fondman, ki pa mete non okenn moun, ki pa soumèt okenn eskiz ofisyèl, ki pa pwomèt aksyon konkrè kont krim sa. Men li chaje ak bèl mo ki eseye banalize lanmò yon jèn gason, ki te gen tout lavni devan li.
Se zak volontè, planifye e politik ki fèt pou kase mouvman, mete lapèrèz kay jèn yo, epi simen lanmò pou fèmen bouch revandikasyon.Olye yo reponn nou ak respè ak dyalòg, yo voye sekirite tire sou nou, yo bat nou, yo trete nou tankou kriminèl, pandan tout sa nou t ap fè se revandike pou mande lèt nominasyon nou ak 2 chè oubyen tan plen ki nan men nèg yo sa gen plis pase 24 mwa Depi nou fin fè estaj yo refize nome.
Kominike ministè a, ki vle fè nou kwè se senp aksidan, se yon mank respè pou lavi moun, yon gwo jefò pou banalize lanmò yon jèn ga
18/05/2024
Bonne fête à notre bicolore et à l'Université même la situation est vraiment chaotique.
04/08/2023
Le directoire du mouvement OSK s'est incliné devant le départ de Boniface Alexandre l'ancien président provisoire d'Haiti. L'une des figures les plus emblématiques en matière de procedures qu'Haïti n'ait jamais connue de toute son existence. c'était une bibliothèque ambulante. les avocats du barreau pourraient en témoigner.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Téléphone
Site Web
Adresse
Port-au-Prince