GEN Productions
07/10/2017
Yon mari kretyen di : mwen pa gen kè poum kouche menm kote ak madanm mwen, poum gadel, menm poum santil kotem lèl finn fèm fache, ni finn fèm yon bagay, poum santim byen se elwanyel, separe kabann ak li.
Ebyen kitem diw mari se gabèl wap bay satan tande.
Kisaw te konprann aprè ou te finn di "Wi ou vlel la nan bon tan kou nan move tan" kisaw tap atann de move tan?
Move tan yo se sa wi zanmi se ti konfli, ti diskisyon yo,
Lè ou kouche fache ak madanm ou ou bay demon plas poul monte kabann ou.
Ou bay demon plas poul bati kay pal anndan kay paw.
Ou bay demon aksè poul kontwole koup ou.
Ou bay demon plas poul monte tèt pitit ou, fè yo rebel.
Ou bay demon plas ou sou kabann nan poul viv ak madanm ou.
E si ou rete fache toutan, separe kabann toutan, rete boude toutan avèl,Demon menm ap banboche nan tout kay la, lè wap vle met demon sa deyò lap gentan two ta paske lap gentan kraze, brize, lap gentan finn bati twòn pal anndan kay paw la.
Mari aprann padone, pou sove fwayew.
Madanm aprann bliye pou sove fwayew.
Pa kite tou vid pou demon, ni sou kabann, ni anndan kay, ni menm nan lakou.
Bouche tou vid yo, priye, padone pou nou viv byen nan Jezi.
13/07/2017
02/06/2016
PDG
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Contacter l'entreprise
Site Web
Adresse
OOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOOO