GAPEC

GAPEC

Partager

10/03/2021

Poukisa mw pa janm wè yon milat nan liy ?
Mw pa janm wè yo nan liy devan ?
Mw pa janm wè yo nan liy nan ?☹😏

09/03/2021

ak move se gwo obstak nan chimen ak yon nasyon😢🤔

Te gen yon gwo kite di yon pep ki pa konnen listwa li pa prale pyès kote. Pandan tan sa mw anvi di yon pep ki ak li se yon pep san ki pa menm vo lapèn pou li ta egziste.(mw espere pa gen lot save kite di sa tou avanm)


Gen yon zanmi (yon demwazel) ki abitye rann mw vizit zanmitay lakay mw kote nou pale tout koze nan respè limit zanmitay nou. Men pandan tout sa yo mw te toujou gen yon gwo galon transparan (5 galon) yo pou achte dlo pou bwè nan chanm lan e zanmi an toujou ankourajem achte yon yon ti pomp manyel mete sou galon an poum pran dlo pi fasil oubyen achte yon sa b***a rele a. Loll ak ki kouran mw ta pral fonksyone avèl?

Sepandan sa gen kek jou ke menm zanmi sa vini lakay mw. Li remake mw gen yon sa granmoun andeyò yo rele la lakay mw. Mw remake gen chanjman konpotman epi pawol yo sanble chanje tou e menm levanjil komanse vle prechem nan bout kay mw an😳. Mw poko konprann poukisa enben se nan ti pawol mw konprann se pou krich la. Donk nan kalbas tèt malerez la (an espri) krich la se yon 😂. Se paske mw nan aktivite bagay djab ki koz mw metel lakay mw. Depi li tounen li jwenn bagay konsa ankò li pap mete pye lakay mw na pale nan telefòn lè Nou bezwen gen nouvèl lòt.🤔

Remak: Tout moun ki konnenm byen konnen trè byen Mesye sa ki rele fleksib devan kelkeswa moun lan.

Mw finalman konprann ke demwazel la pa gen pwoblem ak galon plastik la ki pa fèt an Ayiti,li menm mandem pou achte oubyen water cooler ki pa fèt Ayiti non plis. Paske se sa ki tap fel santi mw se yon eklere e ki mache avèk letan😁

Pandan li inyore ke non selman krich la fèt an Ayiti e li fèt avek yon matyè yo rele kise yon gwo medikaman ki swanye kek aloske ki fè dlo ki nan a glase a patisipe nan koze plizyè fòm .

An efè demwazel la nan inyorans li konprann ke mw manke eklere paske mw pa suiv konsey li poum te achte yon . Men mw achte yon . An menm tan inyorans li pousuiv pou li anpechel wè krich mw an kom yon bel ki fèt nan peyi dayiti avek eleman li soti nan tè peyi dayiti. E jès sa se yon ankourajman pou pwodiksyon nasyonal la.

Li pa imajine ke si chak Ayisyen achte yon krich yo tap ede plizyè milye jwenn yon revni pou amelyore kondisyon povrete yo e se tap yon vrè filyè endustriyel ki tap resisite e devlope nan peyi a.

Ou imajine si Atis nou yo ak enfliyansè rezo sosyal yo te fè pwomosyon pou pwodwi atizanal ayisyen se tap yon pi gwo sèvis yo tap rann peyi a kote pou ayisyen an santil moun fok li gen yon pwodwi etranje lap konsome.

NB: Demwazel la te gen rezon sou yon pwen paske krich sa pat la poum te mete dlo pou bwè vre😁

⏳🌹⚓🏺🙏🤔

🏺🏺🏺

03/03/2021

Emission Konbit-Refleksyon ap loading......

Vous voulez que votre entreprise soit Entreprise De Publicité Et De Marketing la plus cotée à Ouanaminthe ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Site Web

Adresse


Ouanaminthe