AJEMHA-Pro2030

AJEMHA-Pro2030

Partager

20/06/2022

🚨🚨
MEN KI TIP ‘’PLANNING’’ CHAK FI SELON ETA SANTEL KAB FÈ . Byen li poun konprann.👨🏽‍⚕️
🔸🔸🔸🔸🔸🔸🩺🌡🔸🔸🔸🔸🔸

➡️ La syans remake ke 85% fi ki ap fè bagay san yo pa itilize yon metòd kontraseptiv arive tonbe ansent san yo pat vle. Se pou sa gen divès metòd ki rele metòd kontraseptiv ki la pou ede koup yo kontwole pouvwa fè timoun yo, men Tout fi paka itilize tout metòd selon maladi yo soufri. Ann gad ki metòd ou kab itilize menm siw fè tèl maladi.

➡️ Fi ki soufri Tansyon wo (HTA) :
Depi Tansyon an monte nan nivo ki plis ke 14/9 ou pap ka pran planning sou fòm grenn (comprimé)

Depi Tansyon an monte nan nivo ki plis ke 18/11 ou pap ka pran piki yo.

-Aprè ou kab fè tt lòt yo.

➡️MOUN KAP BAY BB TETE :
Depi w nan bay tete, ou pap itilize avan 6 mwa metòd planning ki gen ‘’œstrogènes’’

Ou pap ka itilize avan 1 mois 2 semaines metòd planning ki gen ‘’progestérone’’

-Aprè ou kab fè tt lòt yo.

➡️ MOUN KI GEN PWOBLÈM KADYOVASKILÈ (KÈ,HTA, Dyabèt), MOUN KAP FIMEN TABAK, BWÈ ALKÒL) :
Ou pap k pran metòd konbine yo ki gen œstrogènes et progestérone ni sou fòm konprime ni piki.

-Aprè ou kab fè tt lòt yo.

➡️ FI KI FÈ KANSÈ TETE :
Ou pap ka itilize metòd MAMA (alètman san kanpe pandan 6 mwa), ni metòd ki gen ‘’progestérone ‘’

➡️ FANM KI GEN ENFEKSYON VAJINAL KI KOZE PA JÈM MIKRÒB GONORRHEE, CHLAMYDIA :
Ou pap k itilize DIU.

-Aprè ou kab fè tt lòt yo.

➡️HÉPATITE VIRALE AKTYÈL OU MOUN KI GENYEN L MEN KI PA PREZANTE SENTOM :
Ou pap k itilize metòd oral konbine (œstrogènes +progestérone)

-Aprè ou kab fè tt lòt yo.

➡️ TUBERCULOSE PELVIENNE :
Ou pap ka itilize DIU.

-Aprè ou kab fè tt lòt yo.

03/06/2022

À l'AJEMHA-Pro2030, on se prépare...

Vous voulez que votre pratique soit Clinique la plus cotée à Limonade ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse

Limonade
0313