Meri Okay

Meri Okay

Partager

01/06/2026

pote pou wou ribrik "Eske w te konnen" yon mwayen pou ede w konnen limit nou hcka genyen nan komin nan, ede w konnen tou dwa w ak devwa w.

31/05/2026

Ranmase semen 25 - 29 me 2026.

31/05/2026

Yon moman ki raple jan manman yo enpôtan nan fanmi ak nan sosyete a.

Photos from Meri Okay's post 29/05/2026

Jodi vandredi 29 me 2026 la, Komisyon minisipal la te deside onore manman yo nan youn bèl seremoni sou direktiv responsab resous imèn nan la.
Meri a te kontan onore presans ak travay responsab ministè kondisyon ak dwa fanm lan Mme Claire-Yvrose Elysés ki te pran la pawòl pou ankouraje medam yo avanse sou chemen devlopman pèsonèl ak pwofesyonèl.

Meri a te kontan tou onore 2 anplwaye fanm ki pi ansyen nan meri e kèk fanm ki avanse nan laj pou mete yon ti lakontantman nan kè yo nan okazyon sa.

Ministère de l'Intérieur et des Collectivités Territoriales

Photos from Meri Okay's post 28/05/2026

Manman tanbou rele boula vin chita nan mitan Yanvalou ak Kongo pou segon an bay lanmou nan fanmi an.
Tanbou frape Ayisyen leve danse, se konsa Fabrik la te lanse yon gwo atelye tanbou pou ranfòse kapasite ak anviwon 15 tanbourinè sak tap jwe anba tonèl, nan bann apye, legliz ak sa ki tap jwe fòlklò. Atelye sa te anime pa Francisco Lafrance ki te gen 2 moun asistan Ricardo PAISIBLE ak Fen JOSIL.

Frape bagèt sa te baze sitou fason nou marye rit tradisyonèl nou yo NAN gwoup mizikal yo, nan troup dans, pou rann rit yo soti pi klè.
Se vre gen anpil jèn tanbourinè ki tap jwe lontan, men yo te kontan aprann teknik kouman pou jwe tanbou an pou fè tanbou an di sa yo vle di ki rive nan zòrèy moun kap tande a.

15 jou sa pat fasil paske lè kèk nan yo te konnen yo pat bezwen aprann ankò, ranje men, kenbe rit, jere espas ak tempo, amonize ak lòt tanbou, travay la te bèl e yo pat kache satisfaksyon yo, anbyans lan te bon. Yo te pran plezi pou di 15 an trò piti, yo vle ankò.

Bay bon jan ankadreman se mak Fabrik la, nou ka di pito se youn nan gwo objektif Fabrik La.
Fabrik la pa pale se aji, pwopoze kèk fòmasyon pou ankadre talan nan komin okay.
Inisyativ sa yo dwe donnen nan tout peyi a pou bay kilti a jarèt. Nou se yon pèp ki rich ak valè kiltirèl pou mete peyi a nan je lemond.


📷

Photos from Meri Okay's post 27/05/2026

Jodi mèkredi 27 me 2026 la konsèy sekirite minisipal la te rankontre pou gade kouman yo ka kontinye degaje yon sinèji pou konnen ki repons ki ka bay a youn seri pwoblèm.
Nouvo Delege Depatmant Sid la, Joseph Raymond CLERGE, te patisipe pou premye fwa nan rankont Konsèy Sekirite Minisipal (CSM) nan .
Apre manm CSM yo te swete l byevini yo te pwofite pale de kèk pwoblèm komin nan ap fè fas a yo.

Ministère de l'Intérieur et des Collectivités Territoriales

27/05/2026

depi kèk tan pa janm rate okazyon pou li akonpanye jèn yo ki souvan pa jwenn sipò sektè ki la pou ede yo. A travè ribrik "Eskew te konnen" an, ap envite w reflechi sou sa epi aprann konnen sa meri a fè nan demach pa li.

Photos from Meri Okay's post 26/05/2026

Operasyon debouche rigòl materyo ak fatra bouche.
25 me 2026

25/05/2026

ap pataje avè w kontribiyab, kèk nan reyalizasyon ki fèt soti septanm 2024 jiska jodi a. a pap kanpe nan misyon li genyen pou bay ekla li merite a.

Photos from Meri Okay's post 25/05/2026

Nan envestiti nouvo delege depatmantal sid la, Joseph Raymond Clergé, konsey minisipal ki gen nan tèt li majistra Claire Daphné FRANCE te prezan ak konsèy la pou pote sipò li bay nouvo reprezantan gouvènman e swete l bon travay ak kolektivite yo.

Vous voulez que votre personnage public soit Personnage Public la plus cotée à Les Cayes ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Site Web

Adresse

Rue Du Quai
Les Cayes
HT8110

Heures d'ouverture

Lundi 08:00 - 16:00
Mardi 08:00 - 16:00
Mercredi 08:00 - 16:00
Jeudi 08:00 - 16:00
Vendredi 08:00 - 16:00