ATMGA
Ann pran yon ti plezi bann Jeremi !
Pòt pawòl PNH Grandans lan enspektè Alex LEGAGNEUR prezante bilan travay yo soti 1 pou rive 31 janvye 2026 la.
77 arestasyon, pami yo Dolcé Pierre Richard 43 lane ki tap opere sou zòt Michlè yon chèf malfra nan Masanga, sou lokalite Fon kochon, ke lapolis tap chaje sa gen 2 lane pou asasinay Jameson Alerte.
Ak Jean Luder André pou asasinay Jean Renel Guerrier nan dat 3 janvye pase a.
Bilan an konte tou 10 aksidan pou 5 mò ak 11 blese.
Lapolis la mande popilasyon an pou rete vijilan pandan peryòd kanaval la.
Pandan ke yo pwomèt yap kontinye travay pou tabli lòd ak sekirite nan depatman an.
ATMGA NEWS
FOGA (Fòs Òganize Grandans) bay konferans pou laprès, mande pou peyi a gen Prezidan ak Premye Minis
Fòs Òganize Grandans (FOGA) òganize yon konferans pou laprès nan vil Jeremi kote yo pran pozisyon sou sitiyasyon politik peyi a.
Nan entèvansyon yo, pòt pawòl FOGA yo, Evens Germain, Ingreed Charles ak Jeune Yasmin fè konnen peyi a bezwen ijan yon Prezidan ak yon Premye Minis lejitim pou retabli lòd konstitisyonèl ak estabilite nan tèt Leta a.
Reprezantan yo deklare tou, daprè analiz òganizasyon an, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) echwe nan misyon li te genyen pou mete peyi a sou wout sekirite, estabilite ak òganizasyon eleksyon.
FOGA lanse yon apèl bay aktè politik yo ak fòs viv nan nasyon an pou chita pale seryezman sou avni peyi a, nan lide pou jwenn yon solisyon dirab ki kapab retire Ayiti nan kriz la.
ATMGA NEWS
Delege Depatmantal Grandans lan, M. Paulemon Michel, fè konnen dat 7 Fevriye a ta dwe konsidere kòm yon jou refleksyon nasyonal, nan moman difisil peyi a ap travèse jounen jodi a.
Nan deklarasyon li, li souliye enpòtans pou chak sitwayen pran tan pou medite sou sitiyasyon peyi a, sou responsablite kolektif nou, epi sou chemen pou retabli estabilite, sekirite ak devlopman dirab nan nasyon an.
Delege a ensiste sou nesesite pou inite, dyalòg ak angajman patriyotik pou ede Ayiti soti nan kriz li ap fè fas la.
ATMGA NEWS
Yon ensidan rive sou lanmè nan lokalite Testas, ak yon bato ki t ap transpòte siman pou vil Jeremi.
Aprè li fin delivre kago siman an nan pò Jeremi, bato a te pran direksyon Pòtoprens pou retounen. Sepandan, pandan li te rive nan zòn Wozo, ekipaj la remake bato a t ap fè fas ak kèk difikilte teknik ki te rann navigasyon an konplike.
Kaptenn nan te eseye fè manèv pou retounen sou waf Jeremi a, men malerezman bato a pa t rive reantre nan pò a.
Daprè premye enfòmasyon yo, li sanble bato a te pèdi direksyon li akoz pwoblèm teknik sa yo, sa ki lakoz li echwe nan zòn Testas.
Otorite maritim yo enfòme e yap suiv sitiyasyon an pou evalye domaj yo epi pran mezi nesesè yo.
Entèvansyon :
Dorvilier Jean René, yon ansyen kapitèn kabotaj Jeremi Pòtoprens, tap reyaji
François Macklin, Mekanisyen bato a
Jean Marie, Mesaje bato a
Non bato a : Green Bridge
Pwopriyetè bato a : Mr Shayden
ATMGA NEWS
09/02/2026
Aksidan sikilasyon : wout nasyonal #7
Kolizyon yon moto ak yon trelè, nan wotè Fonbaya, komin Wozo.
2 pasajè yon fi, yon gason, sou yon moto antre an kolizyon ak yon trelè.
Gason an mouri, fi a grav e transpòte lopital.
Antèman polisye Jean Estherlin HOLD, alyas San Sousi, te chante maten Vandredi 31 Janvye 2026 la nan legliz Meday Mirakilez nan vil Jeremi, an prezans paran li, pwòch fanmi li, ansanm ak plizyè otorite.
Pami pèsonalite ki te la yo, nou te remake Direktè Jeneral PNH Grandans lan, Enspektè Divizyonè Frantz St-Armand, plizyè responsab lapolis, otorite politik ak jidisyè nan komin lan.
Pou rapèl, polisye San Sousi te soti nan 16yèm pwomosyon PNH la. Li te pèdi lavi li 30 Desanm 2025, pandan li t ap fè devwa li kòm polisye, apre li te pran bal bandi nan zòn Fò Jak.
Defen an te fèt 18 avril 1983.
PNH ak kominote a rann li yon dènye omaj pou angajman li ak sakrifis li nan sèvis popilasyon an.
Nan aprèmidi Vandredi 30 janvye 2026 pase a, Gwoup Sitwayen Angaje Grandans yo te òganize yon pwen de près pou yo mande depa Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT) apati 7 fevriye 2026.
Pandan entèvansyon yo, responsab gwoup la te pwofite anonse yon seri manifestasyon popilè ki gen pou kòmanse 3 fevriye 2026 nan vil Jeremi. Yo lanse yon apèl bay tout pèp ayisyen an pou leve kanpe, pa sèlman pou egzije depa CPT a, men tou pou fè leta pran responsablite li fas ak kriz peyi a ap travèse.
Gwoup Sitwayen Angaje Grandans yo egzije espesyalman :
Arestasyon tout gwoup rebèl yo
Deblokaj wout nasyonal yo
Yon solisyon ijan ak dirab kont ensekirite a
Dapre yo, mobilizasyon sa yo se yon etap enpòtan pou fè tande vwa popilasyon an epi mete presyon sou otorite yo pou yo aji rapidman an favè sekirite ak estabilite peyi a.
Yon ekstrè de Pwend près la suivi de reyaksyon Guerda Daniel ki idantifye li kòm reprezantan ansyen senatè eli Guy Philippe ki se tou manm aktif gwoup sitwayen angaje Grandans.
Meri Jeremi prezante nouvo Komite Kanaval 2026 la
Meri vil Jeremi prezante ofisyèlman bay laprès ak popilasyon an nouvo Komite Kanaval 2026 la, nan kad preparasyon pou gwo evènman kiltirèl sa a.
Dapre otorite minisipal yo, Kanaval 2026 la pral dewoule sou tèm « Haïti devant », yon tèm ki envite refleksyon sou avni peyi a, espwa ak angajman kolektif.
Festivite kanaval yo pwograme pou 15, 16 ak 17 fevriye 2026, avèk objektif pou mete Jeremi sou kat jeyografik kiltirèl nasyonal la, valorize kreyativite lokal, epi ankouraje patisipasyon tout sektè sosyete a.
1-Présidente : Gina Legagneur
2-Vice-présidente :
3-Logistique : Arthur Polycarpe & Jamesy Innocent
4-Trésorière : Marthe Edline
5-Secrétaire : Jean-Jacques Nickson
6-Communication et relations publiques : Ralph Simon
7-Responsable artistique : Garlène Dupoux
Komite a pran angajman pou òganize yon kanaval ki an sekirite, byen estriktire, epi ki reflete richès kiltirèl Grandans lan, pandan li respekte direktiv otorite santral yo pou Kanaval Nasyonal la.
Repòtaj :
Gwoup Sitwayen Angaje Grandans yo sòti nan silans yo pou mande depa KPT a.
Gwoup Sitwayen Angaje Grandans yo sòti nan silans yo pou mande 9 manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) yo kite tèt peyi a san kondisyon apati 7 fevriye 2026.
Nan menm pozisyon an, gwoup la lanse yon apèl bay CARICOM ak kominote entènasyonal la, sitou Etazini, pou yo sispann mele yo nan desizyon politik entèn Ayiti, yo estime ki se pèp ayisyen an sèl ki gen dwa deside sò politik peyi a.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Site Web
Adresse
Jeremie
1771